108 Bible Verses About Protection
Bib Sen An (BSA)
-
1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
2 Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
wè rekonpans a mechan yo.
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
1 Mwen leve zye m vè mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki te fè syèl la ak tè a.
3 Li p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.
4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 SENYÈ a se gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.
-
3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. 4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
-
3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
5 Mwen te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
-
11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.
Kite yo toujou chante ak kè kontan,
akoz Ou fè abri pou yo.
Kite sila ki renmen non Ou yo kapab
fè kè kontan nan Ou.
-
7 Ou se kote ke m konn kache a.
Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
-
10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li.
12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
-
17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;
epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.
Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.
Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
-
28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 30 Mwen avèk Papa a se youn.”
-
16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
-
7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
-
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
-
13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”
-
1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.
-
6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.
Kisa lòm kab fè m?
7 SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;
Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.
8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan lòm.
9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan prens yo.
-
7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,
O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.
Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
9 kont mechan ki depouye m yo,
lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
10 Yo fin fèmen kè rèd yo.
Avèk bouch yo, yo pale awogans.
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
-
7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,
Ou va fè m reprann mwen.
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.
Men dwat Ou va sove mwen.
-
3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen.
Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.
4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.
Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
-
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
-
114 Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen,
Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
-
1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.
-
14 Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
-
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
1 Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
-
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
-
4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
-
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.
-
6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
-
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
1 Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
-
7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.
-
15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.
-
Yon Sòm David
1 Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.
2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
-
30 Pou Bondye, chemen Li san fot.
Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.
Li se yon boukliye pou tout moun
k ap pran sekou nan Li.
31 Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?
Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
32 Bondye ki mare senti m ak fòs,
epi fè chemen mwen san fot la?
-
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki kache nan Li yo
k ap kondane.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
-
5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:
‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e
‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen
pou ke Ou pa ta menm frape
pye Ou kont yon wòch’”.
7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
-
42 Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans. 43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo. 44 Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”
45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a. 46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël, 47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
48 Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an. 49 David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè.
-
9 Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”
-
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
-
35 Anplis, Ou te ban mwen
boukliye sali Ou e
men dwat Ou te ban m soutyen.
Se bonte Ou ki fè m gran.
36 Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m,
epi pye m pa t janm chape.
-
7 Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
8 Nanm mwen kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann jis nan fon latè.
-
4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.
Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
-
3 “Alinye pwotèj ak boukliye
e pwoche pre pou batay la.
4 Sele cheval, e monte sou do yo;
pran pozisyon nou ak kas nan tèt!
Netwaye tout lans yo,
e mete abiman an bwonz!
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan.
-
10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
-
1 “Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou. 2 Lè nou ap pwoche batay la, prèt la va pwoche pou pale avèk pèp la. 3 Li va di yo: ‘Tande O Israël, n ap pwoche batay la kont lènmi nou yo jodi a. Pa fè kè sote. Pa pè, ni pa sezi, ni tranble devan yo, 4 paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’
-
5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
-
Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David
1 Koute kri mwen, O Bondye.
Prete atansyon a lapriyè mwen.
2 Soti nan dènye pwent latè,
mwen rele Ou lè kè m fèb;
Mennen mwen sou wòch
ki pi wo pase m nan.
3 Paske Ou te yon refij pou mwen,
yon fò ki wo,
yon gran fòs kont lènmi yo.
4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.
Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan
-
2 Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Menm gwo sò p ap boulvèse m.
-
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
-
5 Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
7 Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
8 Mete valè li wo e li va fè ou leve;
li va bay ou onè si ou anbrase l.
9 Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras;
li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
-
23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
-
5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
-
17 Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
-
17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
-
19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
-
15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
-
37 Li va di: ‘Kote dye yo ye?
Wòch kote yo te pran refij la?
38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a,
e ki te bwè diven a bwason pa yo a?
Kite yo vin bannou sekou!
Kite yo fè kote pou nou kache!
39 Vin wè ke Mwen menm se Li.
Nanpwen dye sof ke Mwen.
Se Mwen ki mete a lanmò,
e se Mwen ki bay lavi.
Se Mwen ki te fè blese
e se Mwen ki fè gerizon.
Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
-
38 Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj.
-
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la!
Ke non Bondye Jacob la kapab
kenbe ou ansekirite an wo!
-
15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
-
3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Kisa lòm ka fè m?
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,
ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
2 Kon mòn antoure Jérusalem yo,
se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a
depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
-
19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
-
33 Men sila ki koute mwen an
va viv ansekirite,
e li va rete alèz san pè malè.”
-
21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;
men mechan yo plen ak twoub.
-
26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
-
12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;
men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
-
1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:
“Nou gen yon vil ki fò;
li monte miray ak ranfò pou sekirite.
2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;
sila ki rete fidèl la.
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,
vil ki pa t kapab venk lan.
Li te desann li ba.
Li te desann li jis atè.
Li te jete li nan pousyè.
6 Pye va foule l, pye a malere a,
pla pye a sila ki san sekou yo.”
-
16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
11 “Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl. 12 Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.
-
19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
-
13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
19 Nou konnen ke nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.
-
32 Paske se kilès Bondye ye,
Sof ke SENYÈ a?
Epi kilès ki se yon woche,
Sof ke Bondye pa nou an?
-
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
1 O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache.
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
-
9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki fè prèv
nan kè avèk panse moun.
-
9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
-
Yon sòm David
1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
-
19 Men a la gran, bonte ke Ou
te konsève pou sila ki krent Ou yo,
ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
-
11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.
Inikite mwen yo te fin pran m nèt
jiskaske mwen pa t kab wè.
Yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Kè m fin fè fayit.
13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.
Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
-
7 Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.
Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.
Vide kè nou devan Li.
Bondye se yon refij pou nou.
-
12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;
aflije a tou, lè l san soutyen an.
13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.
Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,
e san yo va chè nan zye Li.
-
10 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
-
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
kite Israël di koulye a,
2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
lè lèzòm te leve kont nou yo,
3 Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan,
lè kòlè yo te limen kont nou an.
4 Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.
Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
5 Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
-
7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8 K ap veye chemen lajistis yo,
e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
-
5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a:
Mwen va retire kloti li e li va brile;
Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
6 Mwen va gaye gate l nèt.
Li p ap koupe ni sèkle ak wou,
men pikan ak zepin va vin leve nan li.
Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo
pou lapli pa tonbe ladann.
7 Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,
e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.
Konsa, Li t ap chache jistis;
men olye sa Li te jwenn san vèse;
pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Anmwey”.
-
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la.
-
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
-
28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
Shows Read in context, Share and Copy.