104 Bible Verses About Fear of the Lord
Bib Sen An (BSA)
-
4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
-
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
-
26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
-
26 Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
-
12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13 Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
15 Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
-
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
-
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.
14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 Akoz mwen, wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 Richès ak lonè avè m;
richès k ap dire ak ladwati.
-
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
-
7 Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
9 Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman SENYÈ yo vrè;
Yo jis san manke.
10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
-
13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
-
23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
-
28 Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
-
11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk tranbleman.
-
31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
-
18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 19 Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.
-
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
9 Li p ap toujou goumen ak nou,
ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,
ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,
menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
12 Menm jan lès lwen lwès la,
Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
-
16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
-
6 Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave;
e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
-
28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
-
27 Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;
men lane mechan yo va kout.
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men entansyon mechan an va peri.
29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;
men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
-
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
-
12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.
-
1 Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
2 Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
-
11 Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12 SENYÈ a te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
piti kon gran.
14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
Kreyatè syèl la ak tè a.
-
1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
-
6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.
7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
8 Kite tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
9 Paske Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
-
4 “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. 5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
-
5 Li te chwazi jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil. 6 Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an. 7 Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
-
11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.
Mwen va mache nan verite Ou.
Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
12 Mwen va ba Ou remèsiman,
O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.
Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.
-
12 “Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li. 13 Se SENYÈ dèzame yo ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone. 14 Li va devni yon sanktyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo.
-
14 “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo? 15 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”
16 Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. 17 “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” 18 Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.
-
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
-
6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.
7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
-
17 Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,
men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Anverite, gen davni,
e espwa ou p ap anile.
-
3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,
O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
4 Men avèk Ou menm, gen padon,
pou moun ta gen reverans Ou.
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
-
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li ak verite yo.
19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
-
38 Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo; 39 Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo. 40 Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.
-
9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. 13 Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
-
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
sila ki tann lanmou dous Li yo.
-
20 Sajès rele fò nan lari.
Li leve vwa li nan plas la.
21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.
Nan antre pòtay lari yo,
li fè moun tande tout pawòl li yo:
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo,
nou va renmen rete san konprann anyen?
Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e
moun san konprann yo rayi konesans?
23 Vire sou repwòch mwen an.
Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou.
Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.
24 Akoz mwen te rele nou e nou te refize;
mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo,
e nou pa t vle tande repwòch mwen;
26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.
Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,
27 lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt
e gwo dezas nou yo tankou toubiyon,
lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.
28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.
Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
29 akoz yo te rayi konesans
e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
30 Yo te refize konsèy mwen.
Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
31 Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo,
e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
-
50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon
apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.
-
9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10 Jan sa ekri a:
“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11 Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl.
13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.
Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
15 pye yo kouri rapid pou fè san koule.
16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
18 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
-
23 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a, 24 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
-
33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.
-
4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
-
5 SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete.
Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
6 Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans.
Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
-
6 Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo. 7 SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?”
Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”
8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”
9 Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi? 10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a.
-
23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!
Kanpe byen sezi devan L,
nou tout, desandan Israël yo.
-
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
-
10 Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite. 11 Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal. 12 Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo. 13 Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.
-
1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4 men ak ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
-
7 Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas. 8 Konsa yo te di li: “Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”
9 Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.” 10 Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo. 11 Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.
12 Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”
13 Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè a te vin pi move kont yo. 14 Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.” 15 Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè a te vin sispann anraje. 16 Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè ve yo a Li menm.
-
13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li. 14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo, 15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.
-
24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou. 25 Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”
-
3 Bondye a Israël la te di,
Wòch Israël la te pale mwen,
Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,
ki renye avèk lakrent Bondye yo,
4 Se tankou limyè maten lè solèy la leve,
Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf
Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
-
14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
-
14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
-
6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
8 Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. 9 Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”
10 Adam te reponn: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
11 Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
12 Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.” 13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
-
9 Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. 10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
11 Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”
Li te reponn: “Men mwen isit la.”
12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
-
17 Men lanmou dous a SENYÈ a,
soti pou tout tan jis rive pou tout tan
sou sila ki gen lakrent Li yo
e ladwati Li a pitit pitit li yo,
18 pou sila ki kenbe akò Li yo,
e sonje règleman Li yo pou fè yo.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
-
7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
-
3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:
“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,
O Senyè, Bondye Toupwisan an!
Jis e vrè, se chemen Ou yo,
Wa a nasyon yo.
4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,
epi bay glwa a non Ou?
Paske se Ou sèl ki sen.
Paske tout nasyon yo va vini
pou adore devan Ou.
Paske zèv ladwati Ou yo,
Ou gen tan revele.”
-
21 “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.
-
5 Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,
ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.
6 Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a?
Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
7 Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo,
e mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?
8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki
tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?
Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
-
1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an. 2 Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.
3 Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”
4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”
Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. 5 Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. 6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”
7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. 8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.
-
34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
-
5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
-
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
-
1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, 2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
-
1 Konsa pale SENYÈ a:
“Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.
Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?
Epi ki kote pou M ta ka repoze?
2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo;
se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.
“Men, anvè sila Mwen va gade;
sila ki enb ak kè ki repanti a,
e ki tranble devan pawòl Mwen yo.
-
18 Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:
-
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.
-
1 Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
-
19 Men a la gran, bonte ke Ou
te konsève pou sila ki krent Ou yo,
ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm.
Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj
kont konplo a tout lang lèzòm.
-
25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
-
19 Tout moun va antre nan kav pami wòch yo,
ak nan twou tè a,
devan gran laperèz SENYÈ a,
ak gwo bagay etonan de majeste Li,
lè Li leve pou fè tè a tranble.
20 Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit,
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,
ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21 pou yo ka antre nan kav wòch
ak twou wòch nan falèz yo,
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,
ak gwo bagay etonan a majeste Li a,
lè Li leve pou fè latè tranble.
-
17 Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la, 18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen an. 19 Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”. 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis. 22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou. 23 Konsa, yo menm tou si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann. 24 Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la.
-
22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.
-
19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.
-
13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon? 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.
16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.
-
14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
-
29 O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.
-
20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li. 21 Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
1 Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.
Nanpwen krent Bondye devan zye l.
2 Jan li kontan ak pwòp tèt li,
li pa janm wè pwòp peche pa l la.
3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.
Li fè yon chemen ki pa bon.
4 Sou kabann li, li fè plan mechan;
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;
Li pa rayi mal.
-
30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
-
14 Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li.
-
10 Antre nan wòch,
e kache nan pousyè,
kont laperèz SENYÈ a,
kont mayifisans ak majeste li.
-
1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
3 Youn te rele a yon lòt epi te di:
“Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;
tout latè plen ak glwa Li.”
4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
-
40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an?
-
5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.
9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”
-
17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
-
18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo. 19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo; 20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
-
14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
-
14 Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an. 15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.
-
9 Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
-
19 Pwòp mechanste ou va korije ou,
e enfidelite ou va repwoche ou.
Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou
te abandone SENYÈ a, Bondye ou a.
Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
-
22 Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
Shows Read in context, Share and Copy.