90 Bible Verses About Resurrection

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Resurrection
  1. 1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. 2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.

    3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo. 6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri. 7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo. 8 Epi an dènye, tankou yon pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.

  2. 1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

    3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

    4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

    5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.

  3. 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. 14 Epi si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven. 15 Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve. 16 Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.

    17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.

    18 Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.

    19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.

    20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.

    23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini. 24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.

    27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.

    28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.

    29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo? 30 Poukisa nou menm tou, nou an danje a chak moman? 31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.

    32 Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve “Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.”

  4. 49 Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la. 50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.

    51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

    55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

    56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

  5. 23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”

    24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”

    25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

  6. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  7. 24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”

    26 Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”

    27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”

    28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

    29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”

  8. 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.

    5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.

  9. 7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.

  10. 1 Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo. 2 Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, 3 men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a. 4 Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan. 5 Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.

    Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? 6 Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? 7 Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”

  11. 10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.

  12. 1 Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li. 2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”

    4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. 5 Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.

    6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”

  13. 1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.

  14. 28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.

  15. 20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

  16. 9 Pandan yo t ap prale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.

    Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. 10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”

    11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14 Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.

    15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.

    16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.

    18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  17. 4 Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.

    5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an. 6 Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.

  18. 1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.

    2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.

    4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.

    5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”

  19. 14 “Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vre ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo. 15 Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.

  20. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

  21. 11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.

    12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.

    14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.

    15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.

  22. 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”

    19 Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”

    20 Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”

    21 Men Li t ap pale sou tanp kò Li a. 22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.

  23. 8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

    Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

    9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.

    Anplis, chè m va toujou pwoteje.

    10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen

    nan sejou mò yo;

    ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

    11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.

    Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

    Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

  24. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.

  25. 45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo.

  26. 14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen, 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.

  27. 1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.

    6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.

  28. 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  29. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.

  30. 22 Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo. 23 Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”

  31. 8 Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. 9 Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.

  32. 11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.

  33. 19 Moun mouri Ou yo va viv;

    kadav pa yo va leve.

    Nou menm ki kouche nan pousyè a,

    leve e fè kri lajwa,

    paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,

    e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.

  34. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout.

  35. 37 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.

    38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  36. 18 Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a. 19 Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo. 20 Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.

    21 Sa se yon modèl parèy ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. 22 Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.

  37. 38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.

    39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40 Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42 Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.

  38. 26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.

    Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,

    27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo,

    ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.

    28 Ou fè m konnen chemen lavi yo;

    Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’

    29 “Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a. 30 Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an, 31 li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’ 32 Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.

    33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.

    34 “Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di:

    ‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen

    35 Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’

  39. 24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.

    25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.

    26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.

  40. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

  41. 35 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon.

  42. 25 Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan.

    Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

    26 Menm lè po m fin detwi,

    malgre chè m fin sòti,

    mwen va wè Bondye nan chè a;

    27 ke mwen, mwen menm va wè,

    ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

    “Kè m vin fèb anndan m.

    28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’

    pwiske rasin ka sa a se nan mwen,’

    29 fè lakrent nepe a pou kont nou,

    paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.

    Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

  43. 17  Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo: 18 “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19 Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”

  44. 9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.

  45. 12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.

    13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”

  46. 33 Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo. 34 Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon. 35 Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.

  47. 37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.

    38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li.

  48. 32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:

    ‘Ou se Fis Mwen;

    jodi a Mwen fè Ou.’

    34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’

    35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’

    36 “Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37 Men Sila ke Bondye te fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.

  49. 50 Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.

    51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52 Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve. 53 Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.

    54 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”

  50. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

    2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a.

  51. 15 Men Bondye va rachte nanm mwen soti nan

    pouvwa a sejou lanmò a,

    paske Bondye va resevwa m.

  52. 27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.

    29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”

  53. 30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”

  54. 17 Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. 18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: “Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”

    19 Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vrèman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.

  55. 3 A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.

  56. 8 Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.

  57. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

    16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.

    17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.

  58. 31 Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou: 32 ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”

  59. 9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.

  60. 1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la.

  61. 14 Mwen va rachte yo soti

    anba pouvwa a Sejou mò yo;

    mwen va rachte yo soti anba lanmò.

    O lanmò! Kote pikan ou yo?

    O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?

    Repantans va vin kache devan zye M.

  62. 21 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.

  63. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  64. 6 Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a, 7 men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.

    8 Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè. 9 Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.

  65. 39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.

  66. 62 Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. 63 Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’ 64 Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”

    65 Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”

    66 Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.

  67. 44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.

  68. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.

  69. 10 Epi SENYÈ a te kòmande pwason an

    e li te vomi Jonas sou tè sèch la.

  70. 24 Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye? 25 Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo. 26 Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?

    27 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”

  71. 53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.

    54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a. 55 Paske chè M se vre manje a, e san Mwen se vre bwason an.

    56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li. 57 Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.

    58 “Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”

  72. 21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo, 22 kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlve soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”

  73. 6 Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”

  74. 21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj. 22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. 23 Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm.

  75. 31 Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rejte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.

  76. 30 Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa. 31 Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.” 32 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.

  77. 31 Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve. 32 Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li. 33 Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”

    34 Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.

  78. 43 Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” 44 E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li.

    Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”

  79. 23 Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.

    24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi. 25 Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.

  80. 1 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan. 2 E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”

  81. 9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  82. 16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

    18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.

  83. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

  84. 16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:

    Sila ki

    Te revele nan lachè a,

    Te jistifye nan Lespri a

    Te wè pa zanj yo,

    Te pwoklame pami nasyon yo,

    Te resevwa kwayans mond lan,

    Te leve wo nan laglwa a.

  85. 8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.

  86. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

  87. 23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”

    Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.

  88. 31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

    34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.

  89. 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

  90. 9 Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.