65 Bible Verses About Music

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Music
  1. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  2. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  3. 6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:

    “Saül te touye dè milye pa li menm

    e David dè di-milye pa li menm.”

  4. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a!

    Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!

    2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!

    Louwe Li selon bèlte a grandè Li!

    3 Louwe Li ak son twonpèt la!

    Louwe Li ak ap avèk gita!

    4 Louwe Li ak tanbouren ak dans!

    Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

    5 Louwe Li ak senbal byen fò!

    Louwe Li ak senbal k ap retanti!

    6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a!

  5. 4 Konsa, yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la. 5 Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk ap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.

  6. 8 Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin.

  7. 14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. 15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. 16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”

    17 Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”

    18 Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi SENYÈ a avè l.”

    19 Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”

    20 Jesse te pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. 21 Epi David te vin kote Saül e li te okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. 22 Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” 23 Epi li te rive ke nenpòt lè move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.

  8. 11 Malè a sila ki leve granmaten yo

    pou yo ka kouri dèyè bwason fò,

    sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.

    12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;

    men yo pa okipe zèv SENYÈ yo,

    ni yo pa konsidere zèv men Li yo.

  9. 4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,

    k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,

    e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la,

    ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;

    5 sila ki enpwovize ak son ap la,

    ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;

    6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo

    onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,

    malgre sa, yo pa kriye pou Joseph,

    ki fin devaste nèt la.

  10. 25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk enstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo. 26 Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo. 27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. 28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.

    29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. 30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

  11. 5 Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize.

  12. 8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  13. 3 Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trann-tuit-mil. 4 Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij, 5 kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.

  14. 1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

    Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

    2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

    Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

    3 Chante a Li menm yon chan tounèf.

    Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

    4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

  15. 4 Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo, 5 ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. 6 Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”

    7 Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.

  16. 19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.

    20 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:

    “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.

    Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”

  17. 4 Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la: 5 Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo, 6 epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.

    7 Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.

    8 O bay remèsiman a SENYÈ a.

    Rele non Li.

    Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.

    9 Chante a Li menm.

    Chante lwanj a Li menm.

    Pale tout mèvèy Li yo.

  18. 4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!

    Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

    5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,

    avèk ap ak vwa melodi a.

    6 Avèk twonpèt ak son a kòn.

    Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.

    7 Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,

    Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.

    8 Kite larivyè yo bat men yo.

    Kite mòn yo chante ansanm ak jwa

    9 devan SENYÈ a,

    paske l ap vini pou jije latè.

    Li va jije lemonn ak ladwati Li

    E pèp yo avèk jistis.

  19. 25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

  20. 21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,

    ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.

    22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,

    Mwen p ap aksepte yo;

    ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a

    bèt gra nou yo.

    23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;

    Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.

    24 Men kite jistis koule desann tankou dlo,

    e ladwati tankou yon gwo larivyè,

  21. 1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.

    2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.

  22. 1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.

    Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.

    2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.

    3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,

    e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:

    “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”

    4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?

    5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men

    dwat mwen bliye kapasite li.

    6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,

    Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo,

    pi wo ke pi gwo plezi m yo.

  23. 8 Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. 9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo.

  24. 1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:

    “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.

    Cheval la avèk moun ki monte l la,

    Li te voye yo nan lanmè.

    2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen

    epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.

    Sa se Bondye pa m,

    e mwen va louwe Li;

    Bondye a papa m nan,

    e mwen va leve Li wo.

  25. 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.

  26. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

  27. 30 Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m, 31 konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”

    32 Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li. 33 Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.

    34 Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi. 35 Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”

  28. 6 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. 7 Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. 8 David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.

  29. 43 Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.

  30. Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

    1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!

    Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!

    2 Leve yon chan, bat tanbouren an,

    gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.

    3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,

    sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.

    4 Paske se yon règleman Israël,

    yon òdonans a Bondye Jacob la.

  31. 12 Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.

  32. 2 Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.

    3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  33. 27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len. 28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.

  34. 12 Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la. 13 Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”

  35. 31 Pou sa, se doulè ap mwen jwe,

    e flit mwen an sone pou sila k ap kriye.

  36. Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo.

    Yon Chanson Fèt Maryaj

    1 Kè m debòde avèk yon bèl sijè.

    Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.

    Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.

  37. 22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.

    A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,

    O Sila Ki Sen an Israël la.

    23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm

    pou nanm mwen ke Ou te rachte a.

  38. 18 Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.

  39. 30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.

  40. 7 Kè m kanpe fèm, O Bondye,

    kè m fèm.

    Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

    8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!

    Mwen va fè maten vin leve.

    9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

    10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

    epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

    11 Leve anwo syèl yo, O Bondye.

    Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

  41. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

  42. 1 Louwe SENYÈ a!

    Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.

    2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.

    Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.

    3 Kite yo louwe non Li avèk dans!

    Kite yo chante lwanj a Li

    avèk tanbouren ak gita.

  43. 23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”

    Epi yo te kòmanse ri sou Li.

  44. 8 Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo.

  45. 6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.

  46. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

  47. 12 “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

    “Ou te genyen so pèfeksyon an,

    plen sajès e pafè an bèlte.

    13 Ou te nan Éden, jaden Bondye a.

    Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou:

    Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp,

    Safi, malachi, emwòd,

    epi lò. Baz kalite travay

    pou tout prezantasyon te nan ou.

    Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.

    14 Ou te cheriben onksyone ki kouvri a

    e Mwen te plase ou la.

    Ou te sou mòn sen Bondye a.

    Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.

    15 Ou te san fot nan tout chemen

    ou yo depi jou ou te kreye a,

    jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.

  48. 11 Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”

  49. 13 Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò.

  50. 26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.

  51. 15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.

  52. 1 Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:

    2 “Akoz chèf yo te dirije Israël,

    akoz pèp la te pran desizyon,

    beni SENYÈ a!

    3 “Tande O wa yo!

    Bay zòrèy nou, O gran chèf yo!

    Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.

    Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.

  53. 22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò.

  54. 64 Tout asanble a te kontwole a karann-de-mil-twa-san-swasant moun, 65 anplis, sèvitè gason ak fanm pa yo ki te kontwole nan sèt-mil-twa-san-trann-sèt; epi yo te gen de-san chantè, ni gason ni fanm.

  55. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

    2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  56. Yon chan. Yon Sòm David

    1 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.

    Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.

    2 Fè leve ap avèk lir!

    Mwen va fè leve solèy la!

    3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.

    4 Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo,

    e verite Ou rive jis nan syèl yo.

  57. 9 Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye;

    Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,

  58. 15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. 16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.

  59. 33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.

    Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.

    34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.

    Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.

  60. 10 Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.

  61. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.

  62. 4 Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la.

    “Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo. 5 Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”

  63. 29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la. 31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk.

  64. 6 Men alò, frè m yo, si mwen vini a nou menm e m ap pale an lang, ki pwofi mwen ye pou nou si omwen mwen pa pale ak nou selon revelasyon, konesans, pwofesi oswa enstriksyon?

    7 Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?

    8 Paske si twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?

  65. 22 Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou.