52 Bible Verses About Revival

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Revival
  1. 2 Ou te padone inikite a pèp Ou a.

    Ou te kouvri tout peche yo.

    3 Ou te retire tout gran kòlè Ou.

    Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.

    4 Restore nou, O Bondye a sali nou an,

    e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.

    5 Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?

    Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?

    6 Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò?

    Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?

    7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.

    Pèmèt nou resevwa sali Ou a.

  2. 17 Kite men Ou rete sou nonm nan

    ki se moun men dwat Ou a,

    sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.

    18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou.

    Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.

    19 O SENYÈ dezame yo, restore nou.

    Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.

  3. 15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

    Sila ki viv jis pou tout tan an,

    non a Li se Sila ki Sen an, pale:

    “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

    anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

    pou fè leve lespri a enb yo,

    e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

  4. 2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm

    e mwen kanpe etone nèt.

    O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo.

    Fè yo vin koni nan mitan ane yo.

    Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.

  5. 7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.

    Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.

    8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan,

    pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.

    9 Kache figi Ou de peche m yo.

    Efase tout inikite mwen yo.

    10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,

    epi refè yon lespri ki dwat anndan m.

    11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e

    pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.

    12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.

    Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.

    13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,

    e pechè yo va konvèti a Ou menm.

  6. 1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;

    paske li te chire nou,

    men Li va geri nou.

    Li te blese nou,

    men Li va panse nou.

    2 Li va fè nou vin refè apre de jou;

    Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.

    Konsa, nou va viv devan Li.

    3 Annou rekonèt SENYÈ a;

    annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.

    Aparans Li asire tankou solèy

    k ap leve granmmaten.

    Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,

    tankou lapli prentan k ap wouze latè.

    4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?

    Kisa pou M fè ak ou, O Juda?

    Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,

    tankou farinay ki disparèt bonè.

    5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;

    Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen.

    Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.

    6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,

    epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

  7. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  8. 6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  9. 7 Lalwa SENYÈ a pafè

    Li rekonfòte nanm.

    Temwayaj SENYÈ a vrè,

    k ap fè saj yo senp.

  10. 19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.

  11. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  12. 107 Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen,

    O SENYÈ, selon pawòl Ou.

  13. 1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.

    Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.

    2 Pran avèk ou menm pawòl yo,

    pou retounen kote SENYÈ a.

    Di Li: “Retire tout inikite nou yo,

    e resevwa nou ak gras Ou,

    pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.

  14. 7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.

  15. 9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.

  16. 4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

  17. 3 Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a. 4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a. 5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay. 6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.

    7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. 8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a.

  18. DALETH

    25 Nanm mwen kole rèd nan pousyè a.

    Fè m leve selon pawòl Ou.

  19. 1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!

    Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.

    Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.

    2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,

    ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?

    Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon

    e pran plezi nou an abondans.

    3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.

    Koute pou nou ka viv.

    Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,

    selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.

  20. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

  21. 37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”

    38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

    40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”

    41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.

  22. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.

  23. 1 “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri. 2 Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye. 3 Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.

    4 “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.

    5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo. 6 Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.

  24. 11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè. 12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit.

  25. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”

    8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.

  26. 1 Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a. 2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè. 3 Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo. 4 Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la. 5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.

  27. 15 Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la. 16 Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.

  28. LIV 2

    Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.

    1 Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,

    Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.

    2 Nanm mwen swaf pou Bondye,

    Pou Bondye vivan an.

    Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?

  29. 14 Paske palè a vin vid,

    e gran vil plen moun yo vin abandone.

    Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan,

    yon plezi pou bourik mawon,

    yon patiraj pou bann mouton yo;

    15 jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo,

    epi savann nan vin fè yon chan fètil,

    e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.

    16 Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a

    e ladwati nan chan fètil la.

    17 Epi zèv ladwati a va lapè,

    e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans

    k ap dire jis pou tout tan.

  30. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  31. 12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,

    “retounen kote Mwen ak tout kè nou;

    avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”

    13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  32. 15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

    Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

    16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

    17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

    E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

    Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

    19 Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”

  33. 8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”

  34. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

  35. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

    12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  36. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

    19 Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize pawòl pwofetik yo. 21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an

  37. 27 Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.

  38. 1 Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo. 2 Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a. 3 Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.

    4 Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.

  39. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

    3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

    Peche mwen yo devan m tout tan.

    4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

    e te fè mal devan zye Ou.

    Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

  40. 34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou.

    Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.

    35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo,

    paske sa fè kè m kontan.

    36 Enkline kè m a temwayaj Ou yo,

    e pa nan ranmase richès malonèt.

    37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e

    fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.

  41. 40 Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo!

    Fè m remonte nan ladwati Ou.

  42. 149 Tande vwa m selon lanmou dous Ou a.

    Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.

  43. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

    6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”

  44. 7 Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”

  45. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:

    “Mwen va mete lalwa M anndan yo

    e sou kè yo Mwen va ekri l;

    epi Mwen va Bondye yo,

    e yo va pèp Mwen.

    34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,

    e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’

    paske yo tout va konnen Mwen,

    soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”

    deklare SENYÈ a,

    “paske Mwen va padone inikite yo,

    e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”

  46. 40 Annou egzamine e sonde wout nou yo

    pou nou retounen kote SENYÈ a.

  47. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.

  48. 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

    22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.

  49. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  50. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.

  51. 4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.

  52. 15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

    16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.

    18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.

    19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

    20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.

    21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.

    22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.