26 Bible Verses About Forgiving Others

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Forgiving Others
  1. 12 Epi padone nou ofans nou yo

    menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

    13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

    14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.

  2. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  3. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  4. 25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26  Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”

  5. 37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.

  6. 3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”

  7. 21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.

    23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.

  8. 15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

    18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.

    19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”

  9. 21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”

    22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.

    23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.

    26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.

    28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.

    29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.

    31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.

    32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.

    35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”

  10. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

  11. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  12. 33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.

    34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.

  13. 20 Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase. 21 Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”

    22 Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.

    23 Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?

    25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”

    26 Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”

    27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann. 28 Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”

    29 Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”

    30 Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”

    31 Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”

    32 Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”

    33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.

  14. 4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou

    menm osi padone tout sila ki dwe nou.

    Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”

  15. 59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.

  16. 8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

    9 Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11 Paske, Sila a ki te di: “Pa fè adiltè” a, Li te di tou: “Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a. 13 Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.

  17. 30 Nan pwochen jou a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”

    31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm. 32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”

  18. Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon

    1 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,

    pou peche li ki kouvri a!

    2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

    e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

    3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen,

    kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

    4 Paske lajounen kon lannwit,

    men Ou te lou sou mwen.

    Fòs mwen te epwize vin bese

    tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

    5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

    e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

    Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,

    epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

  19. 8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;

    yo va wè Bondye.

  20. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.

  21. 7 Tout frè a malere yo a rayi li;

    konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.

    L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.

  22. 17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.

    Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;

    18 Oswa, SENYÈ a va wè l,

    vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.

  23. 21 Si lènmi ou grangou, ba li manje;

    epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;

    22 paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li,

    e SENYÈ a va bay ou rekonpans.

  24. 36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

  25. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  26. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

    3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

    Peche mwen yo devan m tout tan.

    4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

    e te fè mal devan zye Ou.

    Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.