39 Bible Verses About Enemies
Bib Sen An (BSA)
-
38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
-
17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.
Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18 Oswa, SENYÈ a va wè l,
vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,
ni fè lanvi pou mechan yo,
20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni.
Lanp a mechan an va etenn nèt.
-
21 Si lènmi ou grangou, ba li manje;
epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
22 paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li,
e SENYÈ a va bay ou rekonpans.
-
33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
-
54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
-
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
-
4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. 5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.
-
29 Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?
Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30 Non, mwen pa t kite bouch mwen peche,
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31 Èske mesye nan tant mwen yo p ap di:
‘Ou p ap twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
32 Etranje a pa t rete deyò;
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33 Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34 akoz mwen te krent gwo foul la?
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!
Gade byen, men òtograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!
Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.
36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.
Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.
-
14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.
-
7 Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,
l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
-
48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.
Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki
fè rebèl kont mwen yo.
Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
-
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
1 Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
2 Delivre m de sila ki fè inikite yo,
e sove mwen de moun ki vèse san yo.
-
21 Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!
2 Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen.
Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman
E yo te goumen kont mwen san koz.
4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;
men mwen toujou ap priye.
5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.
-
10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
-
25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.
-
Yon Sòm David
1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere kon midi.
-
6 Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se bo a yon ènmi.
-
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
-
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
-
34 Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.
-
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
-
20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an. 21 Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.
22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
-
17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
-
1 “Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.
-
27 Bondye etènèl la se kote pou nou kache.
Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.
Li te chase lènmi an devan nou;
Li te di: ‘Detwi!’
-
8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.
Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
9 kont mechan ki depouye m yo,
lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
-
13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.
Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,
sila ki chache lavi mwen pou detwi li.
Kite sila yo vire fè bak e dezonore,
sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,
sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
-
12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.
Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.
-
5 Pa fè konfyans ak yon vwazen.
Pa fè konfyans ak yon zanmi.
Ak fi k ap kouche ak ou a,
gade pòt bouch ou!
6 Paske fis la derespekte papa a,
e fi a leve kont manman li,
bèlfi a kont bèlmè li;
lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
-
25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon.
-
28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou
menm osi padone tout sila ki dwe nou.
Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
-
1 Li te di a disip Li yo: “Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive! 2 Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.
3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
Shows Read in context, Share and Copy.