83 Bible Verses About God's Power
Bib Sen An (BSA)
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
-
17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.
-
2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
-
29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a. 30 Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.
-
7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen p ap kenbe l.
8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
9 Li fè kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou limit tenèb la ak limyè a.
11 Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
13 Ak souf Li, li dekore syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
-
14 Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li.
-
24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
-
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
-
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
-
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
-
34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”
35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
-
18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.
-
11 Yon fwa, Bondye te pale.
De fwa, mwen gen tan tande sa:
Ke pouvwa, se pou Bondye.
-
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
-
12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.
Li te etabli lemonn ak sajès Li;
ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
13 Lè Li fè vwa L sone,
dlo yo mele nan syèl yo.
Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.
Li fè loray pou lapli,
e Li fè van sòti nan depo Li yo.
-
13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. 14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
-
11 Kite vwa prizonye k ap plenyen yo rive devan Ou.
Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
-
13 Ou gen yon men byen fò.
Men dwat Ou leve byen wo.
-
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
-
13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
-
6 Men dwat Ou, SENYÈ,
ranpli ak majeste avèk pwisans.
Men dwat Ou, O SENYÈ,
vin dechire lènmi an nèt.
-
3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li.
-
7 Li renye ak pwisans pou tout tan.
Zye Li veye sou nasyon yo.
Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
-
35 O Bondye, Ou etonan nan sanktyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
14 Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a? 15 Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
16 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18 Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
-
19 Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. 20 Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans.
-
8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.
-
6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou,
Akoz Ou pran zam pwisans Ou.
-
19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.
-
4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;
se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
-
6 Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
7 Alò, mare senti ou kon gason;
Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,
ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
10 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.
Mete sou ou lonè ak laglwa.
11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou.
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba.
Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13 Kache yo ansanm nan pousyè a.
Mare figi yo nan plas kache a.
14 Epi konsa M ap konfese a ou menm
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
-
13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ,
ak tout fòs Ou!
Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.
-
17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
-
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
-
1 Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a. 2 Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? 5 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li. 8 Lè foul la te wè sa, yo te etone, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
-
20 Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou.
-
8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
-
8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki
tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?
Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
-
27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?
-
28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
-
11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?
Kilès ki tankou Ou?
Kilès ki tankou ou
nan majeste ak sentete,
etonan nan lwanj,
k ap fè mèvèy yo?
12 Ou te lonje men dwat Ou;
Lanmè a te vale yo.
13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou,
Ou te mennen pèp ke Ou te ransone a.
Nan pwisans Ou an,
Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
14 Lòt nasyon pèp yo te tande.
Y ap tranble.
Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
15 Epi chèf Édom yo vin sezi.
Gèrye nan Moab yo pran tranble.
Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
16 Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo.
Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch;
jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ,
Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
-
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6 Li leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
-
4 Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li bay non a yo tout.
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
Bon konprann Li an san limit nèt.
-
36 Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.”
-
5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
-
13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”
-
6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.
-
30 Konsa, SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a nan men a Ejipsyen yo, e Israël te wè Ejipsyen yo ki te mouri sou bò lanmè a.
31 Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.
-
9 Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”
-
1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,
e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
3 Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’”
“Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;
bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;
Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,
men koulye a, zye m wè Ou.
6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,
e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
-
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David
1 Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye.
Sali m se nan Li.
2 Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Menm gwo sò p ap boulvèse m.
-
34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;
Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan
epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.
35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,
men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la
e pami sila ki rete sou latè yo;
epi nanpwen moun ki ka evite men Li,
ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
-
62 Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”
-
46 Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lèpouvwa a te kite M nan.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
-
13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”
15 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen konsa? Di pèp la avanse. 16 Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.
-
8 Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo
e bese vag lanmè yo.
9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an,
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo,
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
-
22 Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li.
Ki pwofesè ki tankou Li?
-
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
-
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
-
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,
jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
-
8 Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li,
pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.
-
11 Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs.
Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak.
Yo p ap reyisi.
Yo va wont nèt akoz yo fè fayit,
ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
-
3 SENYÈ a lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li.
-
26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
-
8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
-
6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi. 7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a.
-
11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.
-
15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Shows Read in context, Share and Copy.