58 Bible Verses About Gratefulness

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Gratefulness
  1. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  2. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

    16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  3. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  4. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

  5. 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  6. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

  7. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

  8. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  9. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  10. 3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

    Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

    Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

    4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  11. LIV 5

    1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

    2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”

    Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,

    3 e te ranmase soti nan peyi yo,

    soti nan lès e soti nan lwès,

    soti nan nò e soti nan sid.

  12. 56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

  13. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  14. 14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

    15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  15. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

    2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  16. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.

    16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.

  17. 2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.

  18. 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”

    27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.

  19. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

    31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

    ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

    32 Enb yo te wè sa e yo kontan.

    Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.

  20. 14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?

  21. 34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

  22. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,

    paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;

    4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    7 a Sila ki te fè gran limyè yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    8 solèy ki pou domine lajounen an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    10 A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    14 ki te fè Israël pase nan mitan li,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    16 a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    17 a Sila ki te frape gran wa yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    18 ki te touye wa pwisan yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    19 Sihon, wa Amoreyen an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    20 ak Og, wa Basan an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    21 e te bay peyi yo kon eritaj,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    25 ki bay manje a tout chè,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  23. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

    4 Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.

    Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.

  24. 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  25. 9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm

    ak vwa aksyon de gras la.

    Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.

    Sali a sòti nan SENYÈ a.”

  26. 3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.

  27. 16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.

  28. 41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42 Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”

  29. 1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

    2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  30. 6 Beni se SENYÈ a,

    akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

    7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  31. 23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  32. 11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

    12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

    14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

    15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

    17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”

  33. 47 SENYÈ a vivan!

    Beni, se wòch mwen an!

    Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.

    48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,

    Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,

    49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.

    Wi, Ou menm fè m leve anwo sila

    Ki vin leve kont mwen yo.

    Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.

    50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,

    O SENYÈ, pami nasyon yo.

    Mwen va chante lwanj a non Ou.

    51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,

    ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a,

    Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”

  34. 1 Louwe SENYÈ a!

    O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

    paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

  35. 21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

    25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

    a moun ki chache Li a.

  36. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  37. 8 Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.

  38. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.

  39. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

  40. 24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

    Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.

  41. 28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;

    Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.

    29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!

    Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  42. 1 Mwen rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a. 2 Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.

    3 Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris, 4 moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo.

  43. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  44. 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.

  45. 17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.

    Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

  46. 18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.

    Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.

  47. 14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman

    e peye ve ou yo a Pi Wo a.

    15 Rele Mwen nan jou twoub la.

    Mwen va delivre ou e ou va onore M.”

  48. 6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.

    Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.

    7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.

    Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.

  49. 21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

    ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo

    e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.

  50. 62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman,

    akoz òdonans dwat Ou yo.

  51. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

  52. 4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. 6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. 7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

  53. 8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  54. Yon chan pou monte vè tanp lan

    1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,

    nou te tankou sila ki fè rèv yo.

    2 Nan lè sa a, bouch nou te plen

    ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.

    Konsa, yo te di pami nasyon yo:

    “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”

    3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.

    Nou kontan.

  55. Yon Sòm David

    1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.

    Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

    2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,

    e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

    Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

    3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.

    Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.

    4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,

    lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

    5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,

    paske gran se glwa SENYÈ a.

  56. 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

    31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.

  57. 12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

    17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  58. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.