85 Bible Verses About Worship

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Worship
  1. 19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”

    21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

    23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

  2. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

    4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

    Pwent mòn yo osi se pou Li.

    5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

    Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

    6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

    Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

    7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.

    Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

    Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

  3. Yon sòm David

    1 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,

    bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

    2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.

    Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

  4. 8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  5. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  6. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  7. 1 Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la. 2 Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la. 3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di:

    “Konsa Li bon,

    paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”

    4 Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a. 5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a. 6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.

  8. Yon Sòm Remèsiman an

    1  Rele fò a SENYÈ tout latè a!

    2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

    Vini devan Li avèk chan lajwa.

    3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

    Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

    Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

    4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

  9. 52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.

  10. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  11. 7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la. 8 Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”

    9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.

  12. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  13. 3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  14. 1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.

    2 Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.

    3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di:

    ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo,

    e devan tout pèp la Mwen va onore.’”

    Konsa, Aaron te gade silans.

  15. 27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. 28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.

    29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. 30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

  16. 31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”

  17. 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

  18. 20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

    21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

  19. 1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.

    3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.

    4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.

    5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  20. 13 Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”

  21. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.

    25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

  22. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  23. 6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”

  24. 7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”

  25. 13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li. 14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo,

  26. 22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.

  27. 35 avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: “Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo. 36 Men SENYÈ a, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon bra lonje, a Li menm nou va gen krent. A Li menm, nou va bese ba e a Li menm, nou va fè sakrifis.

  28. 10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

  29. 5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  30. 5 Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.

  31. 20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. 21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”

  32. Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

    1  Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!

    2 Chante glwa a non Li!

    Ranpli lwanj Li ak laglwa!

    3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!

    Akoz grandè a pwisans Ou, menm,

    lènmi Ou yo va soumèt a Ou.

    4  Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.

    Li va chante lwanj Ou.

    Tout va chante lwanj a non Ou; Tan

  33. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

    6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”

    8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”

    Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”

  34. 10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.

  35. 10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.

  36. 5 Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan. 6 Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. 7 Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”

    8 Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”

  37. 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

    24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

  38. 4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”

    5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”

    6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”

  39. 14 Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.

  40. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  41. 6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a.

    Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.

  42. 1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo. 2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo. 3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.

  43. 7 Men pou mwen, pa gran lanmou

    dous Ou a mwen va antre lakay Ou.

    Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène

    mwen nèt an adorasyon.

  44. 4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

    se li mwen va chache:

    pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

    tout jou lavi m yo,

    pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

    reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

  45. 8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

    ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.

    9  Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

    adore devan Ou, O Senyè,

    e yo va bay non Ou glwa.

    10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye.

    Se Ou sèl ki Bondye.

  46. 1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!

    Chante a SENYÈ a tout latè a.

    2 Chante a SENYÈ a!

    Beni non Li!

    Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

    3 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

    4 Paske gran se SENYÈ a!

    Li merite gran lwanj.

    Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.

    5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,

    men SENYÈ a te fè syèl yo.

    6  Tout bèlte ak majeste devan L.

    Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.

  47. 5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!

    Adore nan machpye twòn Li an.

    Se sen ke Li ye.

  48. 3 Kite yo louwe non Li avèk dans!

    Kite yo chante lwanj a Li

    avèk tanbouren ak gita.

  49. 6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a!

  50. 1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

  51. 13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

    14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

    e sou latè a, lapè pami lèzòm

    ki fè L kontan yo.”

  52. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  53. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.

  54. 8 Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

    9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”

  55. 2 Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”

  56. 8 “Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo. 9 Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.

  57. 10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a.

  58. 12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

  59. 10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a; 11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.

  60. 5 Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk ap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.

  61. 11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo), 12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo, 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:

    “Paske Li bon,

    lanmou dous Li a dire pou tout tan!”

    Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.

  62. 27 Tout ekstremite tè a nèt va sonje.

    Yo va vire bò kote SENYÈ a.

    Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va

    adore devan Ou.

    28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a,

    e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.

  63. 4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,

    Bondye lajwa m ki depase limit lan.

    Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,

    O Bondye, Bondye mwen an.

  64. 14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman

    e peye ve ou yo a Pi Wo a.

    15 Rele Mwen nan jou twoub la.

    Mwen va delivre ou e ou va onore M.”

  65. 3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

    lèv mwen va louwe Ou.

    4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.

    Mwen va leve men m nan non Ou.

  66. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

    4 Chache SENYÈ a ak fòs Li.

    Chache fas Li san rete.

    5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo,

    mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.

    6 O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la,

    sila ke Li te chwazi yo!

  67. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!

    Louwe Li kote ki wo yo!

    2 Louwe Li, tout zanj Li yo.

    Louwe Li tout lame Li yo!

  68. 11 “Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye

    k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a.

    Mwen fin resevwa kont ofrann brile

    a belye ak grès a bèf gra yo.

    Mwen pa pran plezi nan san towo yo,

    jenn mouton, ni kabrit.

    12 Lè nou vin parèt devan M,

    kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?

    13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;

    lansan vin abominab devan M.

    Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—

    Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.

    14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.

    Yo vin yon gwo fado pou mwen.

    Mwen fatige sipòte yo.

    15 Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè,

    Mwen va kache zye M de nou menm.

    Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo.

    Men nou kouvri ak san.

    16 Lave nou pou nou vin pwòp;

    retire zak malonèt nou yo devan zye M.

    Sispann fè mechanste.

    17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

  69. 13 Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.

  70. 7 Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:

    8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,

    men kè yo byen lwen Mwen.

    9 An ven yo adore M;

    lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.

  71. 6 Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kon ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen. 7 Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’

  72. 1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.

  73. 2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”

    3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.

  74. 16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.

  75. 16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal. 17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li. 18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.

    19 Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo. 20 SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.

  76. 31 Kite syèl yo kontan e

    kite lemond rejwi:

    32 Kite lanmè a fè gwo bwi,

    avèk tout sa ki ladann!

    Kite chan an ranpli ak jwa,

    ak tout sa ki ladann!

    33 Konsa, tout bwa forè yo

    va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

    Paske L ap vini pou jije latè.

    34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

  77. 9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

  78. Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.

    1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.

    Mwen va chache Ou ak tout kè m.

    Nanm mwen swaf pou Ou.

    Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

  79. 8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

    ak glwa Ou tout lajounen.

  80. Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.

    1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!

    2  Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.

    Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

    3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e

    iwondèl la yon nich pou li menm,

    kote li kapab swaye pitit li yo pre lotèl Ou yo,

    Oh Wa m ak Bondye m.

  81. 10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,

    pi bon pase mil jou deyò.

    Pito m te jeran pòt lakay Bondye mwen an,

    pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

  82. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

  83. 20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

    pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

    ki obeyisan a vwa pawòl Li!

    21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

    nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.

    22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

    nan tout kote nan wayòm Li an.

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

  84. 3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.

    Grandè Li pa kab fin sonde menm.

  85. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.