31 Bible Verses About Thanksgiving

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Thanksgiving
  1. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  2. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  3. 4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  4. 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  5. 34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

  6. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  7. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  8. 2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.

  9. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.

  10. 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

  11. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  12. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,

  13. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

  14. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  15. 2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

  16. LIV 5

    1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

  17. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

    Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  18. 4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.

  19. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a.

  20. 3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.

  21. 11 Ou te chanje doulè mwen, e

    sa te fè m vin danse ak lajwa;

    Ou te demare rad twal sak mwen an,

    e te mare senti m avèk kè kontan.

    12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.

    O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va

    bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

  22. 18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.

    Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.

  23. 6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.

    Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.

    7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.

    Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.

  24. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

  25. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

    4 Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.

    Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.

  26. 21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

    ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo

    e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.

  27. 17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,

    e va rele sou non SENYÈ a.

  28. 9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm

    ak vwa aksyon de gras la.

    Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.

    Sali a sòti nan SENYÈ a.”

  29. 25  Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.

  30. 57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

  31. 3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; 5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la, 6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; 7 menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, 8 ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.