55 Bible Verses About Sacrifice

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Sacrifice
  1. 29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”

  2. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  3. 11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.

    12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye, 13 pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. 14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.

  4. 10 Nou gen yon lotèl kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje. 11 Paske kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an. 12 Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la. 13 Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.

    14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

    15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  5. 1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  6. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  7. 3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.

    Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, 5 men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.

    6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? 7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”

  8. 11 Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

    13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

  9. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

    14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.

  10. 22 Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.

    23 Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.

    24 Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vre a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.

    27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

  11. 20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

    21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

    22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  12. 1 Alò, SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di: 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan twoupo a, oswa nan bann mouton an.

    3 “‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a. 4 Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.

  13. 22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.

  14. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

    31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.

    33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

  15. 4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

  16. 16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis.

    Otreman, mwen ta bay li.

    Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.

    17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.

    Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,

    Ou p ap meprize l.

  17. 2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;

    men SENYÈ a peze kè yo.

    3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis

    plis pase sakrifis.

  18. 6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,

    epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

  19. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  20. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

  21. 7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

  22. 9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

  23. 10 Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo;

    bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a,

    nou menm pèp Gomorrhe.

    11 “Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye

    k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a.

    Mwen fin resevwa kont ofrann brile

    a belye ak grès a bèf gra yo.

    Mwen pa pran plezi nan san towo yo,

    jenn mouton, ni kabrit.

    12 Lè nou vin parèt devan M,

    kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?

    13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;

    lansan vin abominab devan M.

    Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—

    Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.

    14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.

    Yo vin yon gwo fado pou mwen.

    Mwen fatige sipòte yo.

  24. 28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”

    29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

  25. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

  26. 5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,

    se mèvèy ke Ou te fè yo,

    ak panse Ou yo anvè nou.

    Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.

    Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,

    yo ta vin twòp pou m ta kab konte.

    6 Sakrifis avèk ofrann sereyal,

    Ou pa t dezire yo.

    Ou te ouvri zòrèy mwen.

    Ofrann brile avèk ofrann peche yo,

    Ou pa t mande yo.

    7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.

    Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.

    8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

    Lalwa Ou nan kè m.”

    9 Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;

    Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;

    O SENYÈ, Ou konnen.

    10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.

    Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.

    Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk

    verite Ou devan gran asanble a.

    11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.

    Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

    prezève mwen tout tan.

  27. 12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

  28. 23 Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 24 Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.

  29. 1 Paske tout wo prèt ki pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. 2 Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. 3 Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. 4 Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.

  30. 4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.

    5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.

  31. 3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” 4 Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.

    Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. 5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.

    6 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. 7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

    8 Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”

  32. 8 Lè nou ofri bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.

  33. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

  34. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

  35. 17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

    18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

  36. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  37. 29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.

  38. 5 Ofri sakrifis ladwati yo.

    Mete konfyans nan SENYÈ a.

  39. 3 Li te meprize e abandone pa lòm;

    yon nonm ak gwo tristès

    ki te konnen gwo soufrans,

    ak tout maladi.

    Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

    Li te vin meprize,

    e nou pa t bay Li okenn valè.

    4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

    6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

    Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

    men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

  40. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  41. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

  42. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.

  43. 26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

    27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”

  44. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,

  45. 4 Anverite Mwen te mennen nou

    monte soti nan peyi Égypte.

    Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la.

    Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”

    5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy

    Balak, wa Moab la ak sa Balaam,

    fis a Beor a, te reponn li depi

    nan Sittim rive Guilgal,

    pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”

    6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  46. 24 Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 25 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li. 26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?

  47. 6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

  48. 5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  49. 26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.

    28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?

    30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”

  50. 21 “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.

  51. 21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,

    ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.

    22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,

    Mwen p ap aksepte yo;

    ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a

    bèt gra nou yo.

    23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;

    Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.

    24 Men kite jistis koule desann tankou dlo,

    e ladwati tankou yon gwo larivyè,

  52. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

  53. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  54. 26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo; 27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.

    28 Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.

  55. 17 Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a.