34 Bible Verses About Judging Others
Bib Sen An (BSA)
-
1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
6 “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
-
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12 Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
-
34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
24 “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
-
1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.
-
9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?
13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.
-
1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? 4 Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? 5 Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? 6 Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo.
-
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
-
10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. 11 Paske sa ekri:
“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,
tout jenou ap bese devan Mwen,
e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
13 Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
-
3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?” 6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.”
-
15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
-
3 Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. 4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a. 5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
-
12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.
-
3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
-
1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.
2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.
3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan. 4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,
5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.
-
7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”
-
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
15 “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn. 16 Men menmsi Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
-
15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
-
12 Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo? 13 Chwazi moun ki saj, ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen vaapwente yo kòm chèf nou.’
14 “Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’
15 “Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo. 16 Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an. 17 Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’
-
5 “Men si yon nonm dwat
e li aji ak jistis ak ladwati,
6 pou l pa manje nan lotèl mòn yo,
ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo,
ni souye ak madanm vwazen li,
ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—
7 Si yon nonm pa oprime okenn moun,
men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,
epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou
e kouvri moun toutouni ak rad,
8 si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis,
si li gade men l pou l pa fè inikite,
e egzekite yon vre jistis antre moun ak moun,
9 si li mache nan règleman Mwen yo,
ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;
li se yon moun dwat,
e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.
-
9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
-
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
-
21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
-
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la,
-
51 “Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
-
1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.
-
31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
-
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”
-
1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.
2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal, 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?
-
1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
Shows Read in context, Share and Copy.