68 Bible Verses About The Tongue
Bib Sen An (BSA)
-
2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
3 Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.
Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12 Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
-
6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
-
4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;
men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
-
33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
-
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men sila ki frennen lèv li gen sajès.
20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a;
men kè a mechan an vo piti.
21 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
-
18 Genyen yon moun ki pale san pridans
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;
men lang a saj la pote gerizon.
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;
men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
-
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;
l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
-
33 Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a. 34 Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!” 35 Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.
-
10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
-
1 Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
-
28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.
-
27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
-
23 Sila ki veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
-
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
-
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki pale gwo bagay yo;
4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
-
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
-
3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
4 Pa mennen kè m vè okenn mal,
pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo.
Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
-
171 Kite lèv mwen eksprime lwanj,
paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
172 Kite lang mwen chante de pawòl Ou,
paske tout kòmandman Ou yo dwat.
-
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
-
13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,
e pechè yo va konvèti a Ou menm.
14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a,
O Bondye, Bondye a sali mwen an.
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa
selon ladwati a Ou menm nan.
15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen
pou m kab deklare lwanj Ou.
-
24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.
Paske yo wont, yo imilye,
Sila ki te chache fè m mal yo.
-
3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.
Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.
Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,
e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
-
8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl;
li pale manti.
Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,
men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
-
10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bèbè, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? 12 Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”
-
9 Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo.
Anndan yo se pouriti menm.
Gòj yo se yon tonm ki louvri.
Yo fè flatè ak lang yo.
-
7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
-
2 Lang ou envante destriksyon,
tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
-
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
-
12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;
men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
-
18 Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,
19 se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di:
“Èske se pa blag mwen t ap fè?”
20 Akoz mank bwa, dife a etenn;
lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,
se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.
22 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,
vin tankou bèl ti mòso delika.
Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,
se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
-
62 Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. 63 Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone. 64 Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye.
-
28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou
avèk lwanj Ou tout lajounen.
-
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
1 Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
-
1 Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. 2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a. 3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. 4 Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
5 Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la. 6 Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
7 Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen? 8 E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou? 9 Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo 10 Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak tèritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo, 11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
12 Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
-
13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.
Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
-
Yon sòm David
1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
3 ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
-
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,
epi lang li va pale jistis.
-
19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.
Lang ou fè ankadreman pou manti.
-
23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,
e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
-
1 Plan kè a sòti nan lòm;
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
-
23 Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
-
4 Ou renmen tout pawòl ki devore,
yon lang mantè.
-
31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
-
3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
-
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
-
27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann,
e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,
e zèv a lang flatè a se dega.
-
20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
-
18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
-
11 Paske sa ekri:
“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,
tout jenou ap bese devan Mwen,
e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
-
16 “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an.
Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
-
2 Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,
e se peche nou yo
ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
3 Paske men nou souye ak san vèse,
e dwèt nou ak inikite.
Lèv nou fin pale sa ki fo,
e lang nou plenyen mechanste.
-
4 Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo,
tèlman yo swaf;
ti piti yo mande pen,
men pèsòn pa kase bay yo.
-
12 Paske moun rich li yo plen vyolans.
Rezidan li yo fè manti,
e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
-
24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
-
1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
-
14 Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
-
2 Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen.
Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
-
4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
-
11 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,
men bouch a mechan an kache vyolans.
-
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;
men yon bon pawòl fè l leve.
-
28 Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons;
men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
29 SENYÈ a lwen mechan an;
men Li tande lapriyè a moun dwat yo.
-
20 Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon,
e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
-
23 Mwen te sèmante pa Mwen menm,
pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati
e li p ap vire fè bak;
ke a Mwen menm, tout jenou va koube
e tout lang va sèmante fidelite.
-
20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”
21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. 22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.
-
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
-
10 Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a. 11 Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.
Shows Read in context, Share and Copy.