74 Bible Verses About Lying

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Lying
  1. 19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;

    men lang ki bay manti a rete pou yon moman.

    20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;

    men konseye lapè yo gen jwa.

    21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;

    men mechan yo plen ak twoub.

    22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

    men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

  2. 43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.

    44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

    45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?

    47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”

  3. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

    25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.

  4. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

    3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.

  5. 16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

    20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

  6. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

    8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  7. 16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.

  8. 1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

    3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

    5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.

  9. 7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.

  10. 11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.

    12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

  11. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

  12. 14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.

    15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

  13. 24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;

    men nan kè l, li fè depo desepsyon.

    25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;

    paske, gen sèt abominasyon nan kè l.

    26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,

    mechanste li va devwale devan asanble a.

    27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann,

    e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.

    28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,

    e zèv a lang flatè a se dega.

  14. 7 Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen.

    Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.

    8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,

    Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

  15. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;

  16. 8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

    11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.

  17. 27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.

  18. 11 Vini, pitit, koute mwen.

    Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.

    12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

    jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?

    13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

    e lèv ou pou pa bay manti.

    14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.

    Chache lapè e fè efò pou twouve li.

    15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.

    Zòrèy Li koute kri yo.

  19. 3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.

    Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.

    Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,

    e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

    4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li,

    pou l pa mete konfyans nan okenn frè;

    akoz tout frè yo aji nan koken,

    e tout vwazen yo ap voye kout lang.

    5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.

    Yo refize pale verite.

    Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;

    yo vin fatige nèt nan fè inikite.

  20. 3 Mechan yo pèvès depi nan vant.

    Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.

  21. 9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;

    epi sila ki bay manti a, va peri.

  22. 8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  23. 5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo;

    men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.

  24. 7 Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,

    bokou mwens lèv k ap manti sou yon prens.

  25. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  26. 11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.

    12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.

    14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”

  27. 5 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;

    e sila ki fè manti a, p ap chape.

  28. 2 Lang ou envante destriksyon,

    tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.

    3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon.

    Fo bagay plis pase pale verite a.

    4 Ou renmen tout pawòl ki devore,

    yon lang mantè.

    5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt;

    Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou

    sòti nan tant ou an,

    Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan

  29. 4 Yon malfektè koute lèv mechan yo;

    yon mantè prete atansyon a yon lang k ap detwi.

  30. 6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti

    se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.

  31. 1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,

    paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:

    Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.

    2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,

    asasine moun, vòlè, fè adiltè.

    Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,

    e vèse san fè san vèse plis.

  32. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  33. 4 Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li.

    Yo pran plezi nan tout sa ki fo.

    Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.

  34. 163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.

    Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.

  35. 18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;

    e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.

  36. 5 Yon temwen fidèl p ap bay manti;

    men yon fo temwen pale manti.

  37. 18 Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.”

    Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”

    19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”

  38. 29 Retire sou mwen fo chemen an e

    ban mwen gras nan lalwa Ou a.

  39. 8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.

  40. 9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”

  41. 8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.

    Pa ban m richès ni povrete.

    Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,

    9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou

    pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’

    oswa, pou m ta manke, vin vòlè

    e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.

  42. 13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.

    16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.

    17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan, 20 kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.

  43. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”

    13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’

    14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”

    15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”

  44. 31 Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an. 32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”

    33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”

    34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.

  45. 15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”

    17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.

    18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”

    19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”

    20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.

  46. 2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;

    li ki pale verite a nan kè li a;

    3 ki pa fè kout lang sou lòt,

    ni fè vwazen li mal,

    ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;

    4 nan zye a sila yon vagabon meprize a,

    men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;

    li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,

    e li pa chanje menm;

    5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,

    ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.

    Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

  47. 9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

    Nanpwen lasante ladann.

    Se kilès ki ka konprann li?

    10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;

    Mwen pase panse a leprèv,

    pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,

    selon fwi a zèv li yo.”

  48. 14 Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay:

    Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo.

    Yo ranfòse men a malfektè yo,

    pou okenn moun pa vire kite mechanste li.

    Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome

    e abitan li yo kon Gomorrhe.

  49. 16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.

  50. 6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a.

  51. 2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?

    Jiskilè ou va renmen sa ki san valè

    e tante twonpe moun? Tan

  52. 4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

    e ki pa t vire vè moun ògèy yo,

    ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

  53. 25 Yon vre temwen sove lavi a moun;

    men sila ki pale manti pase moun nan betiz.

  54. 12 Si gouvènè a prete atansyon a manti,

    tout minis li yo va vin mechan.

  55. 11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.

  56. 11 Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl! 12 Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. 13 Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”

  57. 6 Konsa, Isaac te viv Guérar.

    7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”

    8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. 9 Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”?

    Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”

  58. 2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,

    de lang ki plen manti yo.

  59. 18 Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file,

    se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.

  60. 6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”

    8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”

  61. 69 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”

    70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”

    71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”

    72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”

    73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”

    74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”

    Imedyatman, kòk la te chante.

  62. 20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  63. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  64. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

    2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

    4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.

    7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

    9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.

  65. 20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou.

  66. 12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,

    Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.

    Paske se malediksyon avèk manti yo bay.

  67. 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  68. 59 Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò. 60 Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.

    Men pita, te gen de ki te vin prezante. 61 Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”

  69. 10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.

  70. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.

  71. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

  72. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

  73. 1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

    2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.

  74. 13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.

    15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.