33 Bible Verses About Family
Bib Sen An (BSA)
-
18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
-
12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
-
15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
-
22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li.
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
2 Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.
3 Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”
4 Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”
5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. 6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
-
2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
-
26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
-
10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.
-
3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo!
Ke lapè rete sou Israël!
-
29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;
e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
-
20 Yon fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
-
33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
-
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
13 Pa etone, frè yo, si lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
-
5 Yon papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
6 Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
-
13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
-
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
-
6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
-
15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16 Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17 Li mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
-
46 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
-
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
-
3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.
-
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.
Shows Read in context, Share and Copy.