18 Bible Verses About Divorce

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Divorce
  1. 1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2 Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.

    3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

    4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

    7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

    8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

  2. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

  3. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

    12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

    16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

    17 Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.

  4. 11 Juda te aji nan enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje. 12 SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.

    13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

  5. 2 Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.

    3 Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”

    4 Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”

    5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. 6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”

    10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò. 11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”

  6. 18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.

  7. 21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

    23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”

  8. 6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. 7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. 8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.

  9. 18 Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman. 19 Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.

    20 “Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj, 21 alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.

    22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.

    23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.

  10. 1 Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.

  11. 39 Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a.

  12. 18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.

  13. 26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

  14. 1 Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.

  15. 10 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.

  16. 27 Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou.

  17. 14 Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a.

  18. 11 Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”