44 Bible Verses About Marriage

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Marriage
  1. 22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li. 31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

  2. 18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.

    19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.

    21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

    23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

  3. 1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

    6 Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd. 7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. 9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

    12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

    16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

  4. 4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

    7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

    8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

    10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”

    11 Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”

  5. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  6. 18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

    19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

  7. 6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.

    9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”

  8. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  9. 9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

  10. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

    31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

  11. 4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

  12. 5 Paske mari ou se Kreyatè ou a;

    yo rele L SENYÈ dèzame yo.

    Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.

    Yo rele Li Bondye a tout latè a.

  13. 7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.

  14. 13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

  15. 1 Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.

  16. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  17. 19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.

    Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,

    nan lanmou dous ak konpasyon.

    20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.

    Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.

  18. 2 “Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li. 3 Li te voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.

    4 “Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.

    5 “Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l. 6 Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo. 7 Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.

  19. 32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.

  20. 22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

    e twouve favè SENYÈ a.

  21. 6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,

    tankou yon so sou bra ou.

    Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

    Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;

    lè l pete se tankou dife k ap pete.

    Vrèman se flanm SENYÈ a.

    7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

    ni rivyè p ap ka inonde l.

    Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

    sa ta konplètman meprize.

  22. 9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.

    11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.

    14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.

  23. 10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

    Paske valè li depase bijou.

    11 Kè a mari li mete konfyans nan li

    e li p ap manke reyisi.

    12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal

    pandan tout jou lavi li.

  24. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  25. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

  26. 18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.

  27. 8 Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. 9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an. 10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.

    11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye.

  28. 1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.

    2 Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. 3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.

  29. 15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

    16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

    kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

    17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

    18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

  30. 2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.

  31. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  32. 22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.

    23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.

  33. 11 “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la. 12 Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.

    13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan. 14 Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”

  34. 15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  35. 2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

  36. 19 Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.” 20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lanmou li te gen pou li.

  37. Jenn Fi a

    16 Cheri mwen an se pa m,

    e mwen se pa l.

    Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

  38. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.

  39. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.

    3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

    7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.

  40. 14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;

    men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.

  41. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.

  42. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

    26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.

  43. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.

  44. 12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo.