75 Bible Verses About Love and Family

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Love and Family
  1. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  2. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li.

  3. 18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

    19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

    20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

    21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  4. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  5. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  6. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.

  7. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  8. 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  9. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  10. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

  11. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  12. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  13. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

    14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.

    16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

    17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.

  14. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  15. 17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”

    18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”

    Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19 Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”

  16. 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  17. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

    5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm

  18. 1 Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo, 2 pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va avèk nou jis pou tout tan: 3 Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lanmou.

    4 Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.

    5 Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt. 6 Men sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.

  19. 5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. 6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”

  20. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  21. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  22. 15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

    Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

    16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

    17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

    E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

    Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

    19 Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”

  23. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

  24. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 Gade byen, a la bon e agreyab

    pou frè yo viv ak tèt ansanm!

  25. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  26. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

  27. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.

  28. 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

  29. 24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”

  30. 31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

    32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

  31. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”

    21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

  32. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  33. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.

    11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.

  34. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

  35. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo,

  36. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.

    10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  37. 6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

    e glwa a fis yo se papa yo.

  38. 17 Yon zanmi renmen tout tan;

    yon frè fèt pou move tan.

  39. 29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

    34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.

    Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.

  40. 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.

  41. 16 Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”

  42. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  43. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

  44. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.

  45. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  46. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  47. 9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.

  48. 22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

  49. 3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.

  50. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”

  51. 29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;

    e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.

  52. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

    6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.

  53. 18 Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”

    19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.

  54. 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.

  55. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

  56. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.

  57. 11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

  58. 1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

    2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

  59. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  60. 12 SENYÈ a te toujou sonje nou.

    Li va beni nou.

    Li va beni lakay Israël la.

    Li va beni lakay Aaron an.

    13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,

    piti kon gran.

    14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,

    nou menm ak pitit nou yo.

    15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,

    Kreyatè syèl la ak tè a.

  61. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

  62. 1 Pwovèb a Salomon yo.

    Yon fis ki saj fè papa li kontan,

    men yon fis ki plen ak foli

    se yon gwo doulè pou manman l.

  63. 15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou

    bay manje a tout lakay li,

    ak yon pòsyon pou sèvant li yo.

    16 Li konsidere yon chan e achte li.

    Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.

    17 Li mare senti l ak gwo fòs

    pou fè bra li vin fò.

  64. 13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,

    se konsa Mwen va rekonfòte nou;

    epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”

    14 Nou va wè sa;

    kè nou va kontan e zo nou

    va fleri tankou zèb vèt tounèf.

    Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo;

    men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.

    15 Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife,

    e cha Li yo va tankou van toubiyon.

    Li va rann kòlè Li ak gwo raj

    e repwòch Li ak flanm dife.

    16 Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife

    e avèk nepe Li sou tout chè;

    e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.

  65. 4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

    7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

    8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

  66. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

    3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

  67. 10 Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo? 11 Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.

    12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.

  68. 7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.

    Jésus te di l: “Ban M bwè”.

  69. 24 “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.

  70. 31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.

    33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.

  71. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.

  72. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  73. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.

  74. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

  75. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.