50 Bible Verses About Agape Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Agape Love
  1. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  2. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

  3. 31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li. 32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”

    33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

    34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  4. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  5. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

    6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm.

  6. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  7. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  8. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

  9. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  10. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  11. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

  12. 15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

    Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

    16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

    17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

    E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

    Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.

  13. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  14. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  15. 9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.

  16. 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  17. 19 Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou. 20 Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.

    21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”

    22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”

    23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.

  18. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  19. 12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm;

  20. 37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  21. 1 Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo, 2 pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va avèk nou jis pou tout tan: 3 Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lanmou.

    4 Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.

    5 Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt. 6 Men sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.

  22. 25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

    26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”

    27 Li te reponn:

    “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

    avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

    e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

    28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”

    29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”

    30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

  23. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

    16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

    18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.

  24. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

  25. 3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  26. 28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”

    29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

  27. 26 E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lanmou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”

  28. 1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann. 2 Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.

  29. 20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.

  30. 1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  31. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la.

  32. 7 Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.

    10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  33. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  34. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li.

  35. 1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

    2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

    4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou. 5 Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?

  36. 2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.

    4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.

  37. 26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

    31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

  38. 19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

  39. 7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.

    Jésus te di l: “Ban M bwè”. 8 Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.

    9 Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)

    10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”

    11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a? 12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”

  40. 15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.

  41. 13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.

    15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo). 16 Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm. 18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.

  42. 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

  43. 1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, 2 ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: 3 Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.

    4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo.

  44. 1 Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè a Jacques la, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.

    2 Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab ogmante anvè nou.

  45. 5 e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

    A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—

  46. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou.

  47. 42 “Men malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou peye ladim, mant, ak lari de tout epis jaden an. Malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo.

  48. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.

  49. 18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

    19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

  50. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.