24 Bible Verses About Family Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Family Love
  1. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  2. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  3. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

  4. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  5. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

  6. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  7. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

  8. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.

  9. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.

  10. 3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:

    “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.

    Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.

  11. 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

  12. 36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”

  13. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  14. 11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

    pou m pa t peche kont Ou.

  15. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  16. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  17. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  18. 13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;

    pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.

  19. 2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

  20. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  21. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  22. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  23. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

  24. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.