38 Bible Verses About Sons
Bib Sen An (BSA)
-
1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, 2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. 3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
-
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
-
5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
-
22 Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
-
15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
-
26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
-
34 Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen. 39 Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.
40 Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an. 41 Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans a yon nonm dwat. 42 Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.
-
1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
-
3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
-
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
-
15 Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
16 Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
-
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
10 Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
-
7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
-
4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
-
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21 Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.
Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.
Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
-
13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
-
30 Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. 31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. 32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. 33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.”
-
12 Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a, 13 paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
14 Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
-
7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
-
18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
-
19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20 Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.
-
3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
-
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
-
6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
-
9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
Shows Read in context, Share and Copy.