70 Bible Verses About Youth

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Youth
  1. 11 Preskri e enstwi bagay sa yo.

    12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.

    13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

    14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.

    15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

    16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

  2. 1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,

    avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:

    “Mwen pa pran plezi nan yo;”

    2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,

    e nwaj yo retounen apre lapli yo;

  3. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  4. 22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.

  5. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  6. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  7. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  8. 9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

    e kite kè ou rete kontan

    pandan ane de laj jenès ou yo.

    Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

    men konnen byen ke Bondye

    va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

    10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

    pou l pa nan kè ou,

    e fè mal rete lwen chè ou;

    paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

  9. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

    13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.

    14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.

  10. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

  11. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  12. 20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

  13. 37 Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.”

    Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”

    38 Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj. 39 David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo.

    40 Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a.

  14. BETH

    9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?

    Nan kenbe li selon pawòl Ou.

    10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.

    Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.

    11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

    pou m pa t peche kont Ou.

    12 Beni se Ou menm SENYÈ a.

    Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

    13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon

    tout òdonans bouch Ou yo.

    14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,

    konsi se nan tout richès yo.

    15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,

    e okipe chemen Ou yo.

    16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.

    Mwen p ap bliye pawòl Ou.

  15. 20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”

    21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”

    22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

  16. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  17. 29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  18. 7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.

    Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,

    Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.

  19. 18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

    20 Paske poukisa fis mwen an,

    ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

    e anbrase lestonmak a yon etranje?

    21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,

    e Li veye tout pa li yo.

  20. 24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l

    epi di: “Sa pa yon transgresyon”,

    se parèy ak yon moun ki detwi.

  21. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  22. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

    13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  23. 19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.

    21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

    22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa.

  24. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

    6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

  25. 16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”

  26. 1 Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem. 2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch. 3 Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.

  27. 11 Zo li yo plen ak fòs jenès li,

    men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.

  28. 5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,

    Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.

  29. 17 O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen.

    Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.

  30. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  31. 4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:

    5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

    6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”

    7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.

    9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. 10 Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”

  32. 25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

    a moun ki chache Li a.

    26 Se bon pou yon nonm gen espwa,

    e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.

    27 Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.

  33. 22 Anplis ke tout abominasyon ak pwostitisyon ou yo, ou pa t sonje jou jenès ou yo, lè ou te toutouni, san rad e t ap tòde nan pwòp san ou an.

  34. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

    20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

  35. 18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’

  36. NUN

    105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e

    yon limyè nan pa pye mwen.

  37. 29 Glwa a jèn yo se fòs yo,

    e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.

  38. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.

  39. 9 Pou tout sa, priye konsa:

    “‘Papa nou ki nan syèl la,

    ke non Ou kapab Sen.

    10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

    ke volonte Ou kapab fèt sou latè

    menm jan ke li fèt nan syèl la.

    11 Bay nou pou jou sa a pen

    ke nou bezwen an,

    12 Epi padone nou ofans nou yo

    menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

    13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

    14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.

  40. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  41. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  42. 12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

  43. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  44. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  45. 26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

  46. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.

  47. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  48. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  49. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  50. 1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.

  51. 16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  52. 6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.

  53. 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.

    7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.

    9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.

  54. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.

  55. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  56. 32 “‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

  57. 16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.

  58. 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  59. 7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  60. 23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” 24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.

  61. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

  62. 20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

  63. 20 Yon fis ki saj fè papa l kontan;

    men yon gason ensanse meprize manman l.

  64. 11 Gen yon kalite moun ki modi papa li

    e refize beni manman l.

  65. 12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir.

  66. 17 “Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo. 18 Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a. 19 Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.

  67. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

  68. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

    5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.

  69. 4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.

  70. 1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

    Evite moun konsa yo. 6 Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite, 7 k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.