68 Bible Verses About Being Thankful

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Being Thankful
  1. 17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  2. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  3. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  4. 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  5. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,

  6. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

    4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

    Pwent mòn yo osi se pou Li.

    5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

    Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

    6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

    Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

  7. 2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

    Vini devan Li avèk chan lajwa.

    3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

    Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

    Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

    4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  8. 3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; 5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la, 6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; 7 menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, 8 ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.

    9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

  9. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

    31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

    ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

    32 Enb yo te wè sa e yo kontan.

    Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.

    33 Paske SENYÈ a tande malere yo,

    e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.

    34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li,

    lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.

    35 Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,

    pou yo kab rete la e posede li.

  10. 34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

  11. 13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.

    16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  12. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  13. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  14. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

  15. 2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.

    5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.

  16. 14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

    15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  17. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

    55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

    56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

  18. LIV 5

    1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

    2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”

    Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,

    3 e te ranmase soti nan peyi yo,

    soti nan lès e soti nan lwès,

    soti nan nò e soti nan sid.

  19. 10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.

  20. 14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman

    e peye ve ou yo a Pi Wo a.

    15 Rele Mwen nan jou twoub la.

    Mwen va delivre ou e ou va onore M.”

  21. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

  22. 8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  23. 14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?

  24. 16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.

    18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”

  25. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,

    paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;

    4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    7 a Sila ki te fè gran limyè yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    8 solèy ki pou domine lajounen an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    10 A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    14 ki te fè Israël pase nan mitan li,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    16 a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    17 a Sila ki te frape gran wa yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    18 ki te touye wa pwisan yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    19 Sihon, wa Amoreyen an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    20 ak Og, wa Basan an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    21 e te bay peyi yo kon eritaj,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    25 ki bay manje a tout chè,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  26. 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  27. 7 Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.

    8 O bay remèsiman a SENYÈ a.

    Rele non Li.

    Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.

    9 Chante a Li menm.

    Chante lwanj a Li menm.

    Pale tout mèvèy Li yo.

    10 Bay glwa a sen non Li.

    Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a

    vin ranpli ak jwa.

    11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.

    Chache figi Li san rete.

  28. 1 Louwe SENYÈ a!

    O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

    paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

    2 Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,

    Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?

  29. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

    8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

    ki founi lapli pou tè a,

    ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

    9 Li bay bèt la manje li,

    ak jenn kòbo k ap kriye yo.

  30. 9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm

    ak vwa aksyon de gras la.

    Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.

    Sali a sòti nan SENYÈ a.”

  31. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

    2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  32. 6 Beni se SENYÈ a,

    akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

    7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  33. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.

  34. 17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.

    Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

  35. 8 Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.

  36. 1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.

    2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.

  37. 12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.

  38. 18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.

    Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.

  39. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.

  40. 1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, 2 ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: 3 Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.

    4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. 6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. 7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

  41. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  42. 3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.

  43. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  44. 10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

  45. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

  46. 21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

    ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo

    e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.

  47. 17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,

    e va rele sou non SENYÈ a.

  48. 11 Ou te chanje doulè mwen, e

    sa te fè m vin danse ak lajwa;

    Ou te demare rad twal sak mwen an,

    e te mare senti m avèk kè kontan.

    12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.

    O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va

    bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

  49. Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David

    1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.

    Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

    2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

    e Ou te geri mwen.

    3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

    Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

    4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

    Bay remèsiman a sen non Li.

    5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

    men Bonte Li se pou tout tan.

    Kriye a kapab dire pou nwit lan,

    men kri lajwa a vin parèt nan maten.

  50. Yon Sòm David

    1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.

    Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

    2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,

    e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

    Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

    3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.

    Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.

    4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,

    lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

    5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,

    paske gran se glwa SENYÈ a.

  51. 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

  52. 11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

    12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

    14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

    15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

    17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”

  53. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  54. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

  55. 3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.

    5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.

  56. 28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;

    Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.

    29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!

    Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  57. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  58. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

    Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  59. 25  Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou.

  60. 3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di:

    “Konsa Li bon,

    paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”

    4 Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a. 5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a. 6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.

  61. 12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e

    bay remèsiman a non sen Li an.

  62. 21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

    25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

    a moun ki chache Li a.

  63. 1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

    2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  64. 19 Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.

    Mwen va antre nan yo.

    Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.

    20 Sa se pòtay SENYÈ a.

    Moun ladwati yo va antre ladann.

    21 Mwen va bay Ou remèsiman,

    paske Ou te reponn mwen,

    e Ou te vin sali mwen.

  65. 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

    31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.

  66. 6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.

    Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.

    7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.

    Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.

  67. 12 Mwen va ba Ou remèsiman,

    O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

    Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

  68. 13 Konsa nou menm, pèp Ou a,

    ak mouton a patiraj Ou a,

    Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.

    A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.