68 Bible Verses About Redemption

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Redemption
  1. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

    17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

    18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

  2. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm

  3. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo.

  4. 15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.

    21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch—

  5. 11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

  6. 11 Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

    13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

    15 Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.

  7. 1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, 2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. 3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.

  8. 13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

  9. 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.

  10. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

    4 Akoz ou presye nan zye M,

    akoz ou gen gran valè

    e Mwen renmen ou,

    Mwen va bay lòt moun nan plas ou

    e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

  11. 8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  12. 24 Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a.

    25 “Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan. 26 Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an, 27 alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp tèren pa l. 28 Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.

  13. 25 Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan.

    Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

    26 Menm lè po m fin detwi,

    malgre chè m fin sòti,

    mwen va wè Bondye nan chè a;

    27 ke mwen, mwen menm va wè,

    ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

    “Kè m vin fèb anndan m.

  14. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  15. 7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li,

    ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.

    8 Paske redanmsyon nanm li koute chè.

    Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,

    9 pou l ta viv toujou jis pou letènite,

    pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.

  16. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.

  17. 6 “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.

    7 “‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo. 8 Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”

  18. 44 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 45 “Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a. 46  Pou ranson a de-san-swasann-trèz (273) nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo, 47 ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera), 48 epi bay Aaron avèk fis li lajan an ki te peye pou ranson pa Levit yo.”

    49 Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo; 50 nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk (1,365) sik. 51 Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

  19. 21 “Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël,

    paske ou se sèvitè Mwen, O Israël.

    Mwen p ap janm bliye ou.

    22 Mwen te efase transgresyon ou yo

    tankou yon nwaj byen pwès,

    ak peche ou yo tankou yon nwaj.

    Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”

    23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa!

    Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo!

    Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo,

    O forè ak tout pyebwa ki ladann yo;

    paske SENYÈ a te rachte Jacob,

    e an Israël,

    Li va devwale glwa Li.

  20. 25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.

    26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”

  21. 28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.

  22. 1 Anne te priye e te di:

    “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

    Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

    Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

    akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

  23. 11 “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li, 12 ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye. 13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.

    14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. 15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ 16 Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”

  24. 5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a. 7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.

  25. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  26. 7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.

    Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.

    Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.

    8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

  27. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  28. 25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle. 27 Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa. 28 Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.

  29. 68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

    paske li vizite nou,

    Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

    69 Li te leve yon kòn sali pou nou

    lakay David la, sèvitè Li a.

    70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

    71 Delivrans sou lènmi nou yo,

    ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

    72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo,

    e pou sonje akò sen Li an,

    73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,

    74 pou pèmèt ke nou menm,

    ki te delivre nan men lènmi nou yo,

    ta kapab sèvi Li san krent,

    75 nan sentete ak ladwati devan Li,

    pandan tout jou nou yo.

  30. 22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.

    23 Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm.

  31. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. 4 Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.

  32. LIV 5

    1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

    2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”

    Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,

    3 e te ranmase soti nan peyi yo,

    soti nan lès e soti nan lwès,

    soti nan nò e soti nan sid.

  33. 9 Li te voye delivrans a pèp Li a.

    Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.

    Sen e mèvèye, se non Li.

  34. 2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  35. 15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

  36. 5 Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.

    Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.

  37. 15 Men Bondye va rachte nanm mwen soti nan

    pouvwa a sejou lanmò a,

    paske Bondye va resevwa m.

  38. 57 Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a.

    Ou te di: “Pa pè!”

    58 O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an.

    Ou te rachte lavi mwen.

  39. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  40. 3 Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè ki te pou frè nou an, Élimélec. 4 Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.”

    Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”

    5 Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi an, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.”

    6 Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.”

  41. 14 Mwen va rachte yo soti

    anba pouvwa a Sejou mò yo;

    mwen va rachte yo soti anba lanmò.

    O lanmò! Kote pikan ou yo?

    O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?

    Repantans va vin kache devan zye M.

  42. 38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.

  43. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.

  44. 19 “Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo. 20 Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid.

  45. 23 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo. 24 Paske Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.

  46. 15 Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a,

    fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan

  47. 3 Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi

    e ou va rachte san vèse lajan.”

  48. 11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.

    Delivre mwen e fè m gras.

  49. 9 Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch,

    Li te mennen yo pase nan fon yo,

    menm jan yo te pase nan dezè a.

    10 Konsa, Li te sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo,

    e te rachte yo soti nan men a lènmi an.

    11 Dlo yo te kouvri advèsè yo.

    Nanpwen nan yo ki te rete.

  50. 7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an,

    a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an,

    a Sèvitè a chèf yo:

    “Wa yo va wè e vin leve,

    Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a,

    Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”

  51. 9 Nan tout afliksyon yo, Li te aflije

    e zanj a prezans Li an te sove yo.

    Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,

    Li te rachte yo.

    Li te leve yo, e te pote yo

    pandan tout ansyen jou yo.

  52. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

  53. 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

    Kilès ki tankou Ou?

    Kilès ki tankou ou

    nan majeste ak sentete,

    etonan nan lwanj,

    k ap fè mèvèy yo?

    12 Ou te lonje men dwat Ou;

    Lanmè a te vale yo.

    13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou,

    Ou te mennen pèp ke Ou te ransone a.

    Nan pwisans Ou an,

    Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.

  54. 7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.

  55. 22 Delivre Israël, O Bondye, sou

    tout twoub li yo.

  56. 11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;

    vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.

    Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.

    Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,

    e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.

  57. 21 “Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo

    e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”

  58. 11 Paske SENYÈ a te rachte Jacob.

    Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.

  59. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

  60. 9 Li te di: “Kilès ou ye?”

    Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”

  61. 21 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachte, fè soti nan Egypte. 22 Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo.

  62. 26 Leve monte! Bannou sekou!

    Rachte nou pou koz

    lanmou dous Ou a.

  63. 17  Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,

    paske mwen nan gwo pwoblèm.

    Reponn mwen vit.

    18 Rale nanm mwen pre. Rachte l!

    Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!

  64. 23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm

    pou nanm mwen ke Ou te rachte a.

  65. 34 Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li.

    Yo te retounen chache Li ak dilijans.

    35 Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, redanmtè yo.

  66. 5 Paske mari ou se Kreyatè ou a;

    yo rele L SENYÈ dèzame yo.

    Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.

    Yo rele Li Bondye a tout latè a.

    6 Paske SENYÈ a te rele ou

    kon yon madanm abandone e atriste nan lespri,

    menm kon yon madanm nan jenès li

    lè l abandone,” di Bondye ou.

    7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;

    men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

    8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

  67. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

  68. 1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

    3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.

    5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.