108 Bible Verses About Praising God

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Praising God
  1. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a!

    Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!

    2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!

    Louwe Li selon bèlte a grandè Li!

    3 Louwe Li ak son twonpèt la!

    Louwe Li ak ap avèk gita!

    4 Louwe Li ak tanbouren ak dans!

    Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

    5 Louwe Li ak senbal byen fò!

    Louwe Li ak senbal k ap retanti!

    6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a!

  2. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  3. 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  4. Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.

    1 Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.

    Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

    2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

    Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

    3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.

    Annou leve non L wo ansanm.

    4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

    epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

  5. 6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  6. 6 Beni se SENYÈ a,

    akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

    7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  7. 3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

    lèv mwen va louwe Ou.

    4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.

    Mwen va leve men m nan non Ou.

    5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,

    e bouch mwen ap ofri lwanj

    avèk lèv ranpli de jwa.

    6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen,

    mwen medite sou Ou nan vèy de nwi an.

  8. Yon Sòm Remèsiman an

    1  Rele fò a SENYÈ tout latè a!

    2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

    Vini devan Li avèk chan lajwa.

    3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

    Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

    Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

    4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  9. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  10. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  11. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!

    Louwe Li kote ki wo yo!

    2 Louwe Li, tout zanj Li yo.

    Louwe Li tout lame Li yo!

    3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.

    Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!

    4 Louwe Li, pi wo syèl yo,

    ak dlo ki anwo syèl yo.

    5 Kite yo louwe non SENYÈ a,

    paske Li te pase lòd, e sa te fèt.

  12. 22 Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.

    23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.

    25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

  13. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  14. 1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!

    Chante a SENYÈ a tout latè a.

    2 Chante a SENYÈ a!

    Beni non Li!

    Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

    3 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

    4 Paske gran se SENYÈ a!

    Li merite gran lwanj.

    Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.

    5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,

    men SENYÈ a te fè syèl yo.

    6  Tout bèlte ak majeste devan L.

    Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.

    7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,

    bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.

    8 Bay a SENYÈ a glwa a non Li.

    Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.

    9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.

    Tranble devan L, tout latè a.

  15. 1 Beni SENYÈ a!

    Beni non SENYÈ a!

    Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,

    2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,

    nan lakou lakay SENYÈ nou an!

    3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon.

    Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.

    4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,

    Israël pou pwòp posesyon pa Li.

  16. 3 “Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”

    4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”

    5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”

    6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”

  17. 33 Konsa, tout bwa forè yo

    va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

    Paske L ap vini pou jije latè.

    34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

    35 Di: “Sove nou,

    O Bondye a delivrans nou an!

    Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,

    pou bay remèsiman a non sen pa W la,

    pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”

    36 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

    Pou letènite, jis rive nan letènite a.

    Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.

  18. 5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou. 7 Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te bay li non Abraham. 8 Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis.

  19. 1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

    Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

    2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

    Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

    3 Chante a Li menm yon chan tounèf.

    Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

    4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

    5 Li renmen ladwati avèk jistis.

    Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

  20. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo,

    Louwe non SENYÈ a.

    2 Beni se non SENYÈ a,

    soti nan tan sa a e jis pou tout tan.

    3 Depi solèy leve jiskaske li kouche,

    non SENYÈ a dwe louwe.

  21. Yon chan lwanj pa David

    1 Mwen va leve Ou wo,

    O Bondye mwen, O Wa a.

    Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.

    2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen

    va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.

    3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.

    Grandè Li pa kab fin sonde menm.

    4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.

    Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.

  22. 15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen

    pou m kab deklare lwanj Ou.

  23. 1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.

    Ou abiye avèk bèlte ak majeste.

  24. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

    13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

    14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

    e sou latè a, lapè pami lèzòm

    ki fè L kontan yo.”

  25. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

    31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

    ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

  26. 33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.

    Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.

    34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.

    Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.

    35 Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,

    E mechan yo vin pa la ankò.

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen.

    Bay SENYÈ a lwanj!

  27. 1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

  28. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

    4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

    Pwent mòn yo osi se pou Li.

    5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

    Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

    6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

    Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

    7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.

    Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

    Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

  29. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  30. Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David

    1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.

    Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

    2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

    e Ou te geri mwen.

    3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

    Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

    4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

    Bay remèsiman a sen non Li.

    5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

    men Bonte Li se pou tout tan.

    Kriye a kapab dire pou nwit lan,

    men kri lajwa a vin parèt nan maten.

  31. 5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,

    Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.

    6 Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt.

    Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.

    Tout tan se Ou menm ke m louwe.

    7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun,

    men se Ou ki fò refij mwen.

    8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

    ak glwa Ou tout lajounen.

  32. 8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

    ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.

    9  Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

    adore devan Ou, O Senyè,

    e yo va bay non Ou glwa.

    10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye.

    Se Ou sèl ki Bondye.

    11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

    Mwen va mache nan verite Ou.

    Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

    12 Mwen va ba Ou remèsiman,

    O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

    Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

    13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,

    e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

  33. 1 Louwe SENYÈ a!

    Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,

    Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.

    2 Gran se zèv a SENYÈ yo!

    Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.

    3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.

    Ladwati Li dire jis pou tout tan.

    4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.

    SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.

    5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.

    Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.

  34. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.

  35. 1 Louwe SENYÈ a!

    O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

    paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

    2 Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,

    Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?

  36. 8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  37. 10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè!

    Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,

    nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.

    11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo;

    anplasman kote Kédar rete a.

    Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè;

    kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.

    12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a

    e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.

  38. 68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

    paske li vizite nou,

    Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

    69 Li te leve yon kòn sali pou nou

    lakay David la, sèvitè Li a.

  39. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  40. Yon sòm David

    1 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,

    bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

    2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.

    Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

  41. Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

    1  Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!

    2 Chante glwa a non Li!

    Ranpli lwanj Li ak laglwa!

    3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!

    Akoz grandè a pwisans Ou, menm,

    lènmi Ou yo va soumèt a Ou.

    4  Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.

    Li va chante lwanj Ou.

    Tout va chante lwanj a non Ou; Tan

  42. Yon Sòm David

    1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.

    Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

    2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,

    e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

    Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

  43. 1 Louwe SENYÈ a!

    Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

    Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.

  44. 37 Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo. 38 Yo t ap rele: “Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”

  45. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.

    Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

    2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

    sòti deyò gwo ma ajil la.

    Li te mete pye m sou wòch la e

    te fè m kanpe byen fèm.

    3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,

    yon chan lwanj Bondye nou an.

    Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

    mete konfyans nan Bondye.

  46. 4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!

    Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

    5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,

    avèk ap ak vwa melodi a.

    6 Avèk twonpèt ak son a kòn.

    Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.

  47. 3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

  48. 19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit lan. 20 Daniel te di:

    “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,

    paske sajès ak pouvwa se pou Li.

    21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

    22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.

    Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,

    e se limyè a ki rete avè L.

    23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  49. 2 Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.

    3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  50. 9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.

    10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.

  51. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

    2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  52. 13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ,

    ak tout fòs Ou!

    Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.

  53. 3 Sepandan, Ou sen;

    Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.

  54. 28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou

    avèk lwanj Ou tout lajounen.

  55. 7 Kè m kanpe fèm, O Bondye,

    kè m fèm.

    Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

    8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!

    Mwen va fè maten vin leve.

    9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

    10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

    epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

    11 Leve anwo syèl yo, O Bondye.

    Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

  56. 19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la

    e souverènte li regne sou tout bagay.

    20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

    pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

    ki obeyisan a vwa pawòl Li!

    21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

    nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.

    22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

    nan tout kote nan wayòm Li an.

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

  57. 47 Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.

    Ranmase nou pami nasyon yo,

    pou bay remèsiman a non sen Ou an,

    avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.

    48 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

    pou tout tan jis pou tout tan.

    Kite tout pèp la di: “Amen.”

    Louwe SENYÈ a!

  58. 23 Chante a SENYÈ a, tout latè!

    Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.

    24 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

    25 Paske gran se SENYÈ a,

    e gran pou resevwa lwanj yo.

    Anplis, fòk nou gen lakrent Li

    plis pase tout lòt dye yo.

    26 Paske tout dye a pèp yo

    se zidòl yo ye,

    men SENYÈ a te fè syèl yo.

    27 Tout richès avèk majeste devan Li.

    Lafòs ak lajwa lakay Li.

    28 Bay a SENYÈ a,

    O tout fanmi yo ak tout pèp yo,

    bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!

    29 Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an.

    Pote lofrann yo vini devan L.

    Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.

  59. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

  60. 20 Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm,

    chen mawon nan chan yo ak otrich yo,

    akoz Mwen te bay dlo nan savann nan

    e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.

    21 Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.

  61. 10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;

    nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,

    paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.

    Li te vlope m nan yon manto ladwati,

    tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;

    e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.

    11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,

    jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,

    konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.

  62. 11 vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.

  63. 34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;

    Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan

    epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.

    35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,

    men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la

    e pami sila ki rete sou latè yo;

    epi nanpwen moun ki ka evite men Li,

    ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”

    36 Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen. 37 Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.

  64. 52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.

  65. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  66. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

  67. 24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

  68. 21 Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.

  69. 4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.

    Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

  70. 46 SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an.

    Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.

    47 Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,

    e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.

    48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.

    Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki

    fè rebèl kont mwen yo.

    Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.

  71. 22 Mwen va pale non Ou a frè m yo.

    Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.

    23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.

    Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!

    Kanpe byen sezi devan L,

    nou tout, desandan Israël yo.

  72. 16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

    Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

    Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

    yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

    17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.

    Paske Bondye se sitadèl mwen,

    Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

  73. 5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!

    Adore nan machpye twòn Li an.

    Se sen ke Li ye.

    6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e

    Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.

    Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.

    7 Li te pale ak yo nan pilye nwaj la.

    Yo te kenbe temwayaj Li yo,

    avèk règleman ke Li te bay yo.

    8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.

    Ou te pou yo yon Bondye ki padone,

    men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.

    9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!

    Adore nan mòn sen Li an,

    paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

  74. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

    Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    2 O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.

    3 O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

    4 O kite sila ki krent SENYÈ yo di:

    “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

  75. 1 Louwe SENYÈ a!

    Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.

  76. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  77. 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.

  78. 20 Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.”

    Abram te bay li yon dim de tout bagay.

  79. 56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.

  80. 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:

    “Paske Li bon,

    lanmou dous Li a dire pou tout tan!”

    Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.

  81. 21 Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”

  82. 10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

  83. 2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;

    Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.

    3 Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj;

    epi mwen sove de lènmi mwen yo.

  84. 6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!

    Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!

    7 Paske Bondye se Wa a tout tè a.

    Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.

    8 Bondye regne sou nasyon yo.

    Bondye chita sou twòn wayal Li a.

  85. 14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.

    Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.

    15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,

    ak sali Ou tout lajounen,

    menmsi mwen pa kab fin konnen

    fòs valè tout jou sa yo.

  86. Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la

    1 Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.

    Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.

  87. 14 Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. 15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo.

  88. 33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  89. 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

    Kilès ki tankou Ou?

    Kilès ki tankou ou

    nan majeste ak sentete,

    etonan nan lwanj,

    k ap fè mèvèy yo?

  90. 10 Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo.

  91. 6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a.

    Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.

  92. 17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.

    Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

  93. 13 Fè m gras, O SENYÈ;

    gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo,

    e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,

    14 pou m kab pale tout lwanj a Ou menm.

    Konsa, nan pòtay a fi Sion yo,

    mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.

  94. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

    4 Chache SENYÈ a ak fòs Li.

    Chache fas Li san rete.

    5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo,

    mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.

  95. 21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,

    e tout chè va beni sen non Li an jis pou

    tout tan e pou tout tan.

  96. 21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

    23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

  97. 1 Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kab bay glwa a Ou menm. 2 Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.

    3 “E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vre Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a. 4 Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.

  98. 11 Epi ankò:

    “Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo!

    Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”

  99. 1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:

    “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.

    Cheval la avèk moun ki monte l la,

    Li te voye yo nan lanmè.

    2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen

    epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.

    Sa se Bondye pa m,

    e mwen va louwe Li;

    Bondye a papa m nan,

    e mwen va leve Li wo.

  100. 50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,

    O SENYÈ, pami nasyon yo.

    Mwen va chante lwanj a non Ou.

  101. Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo.

    1 O bat men nou ansanm, tout pèp yo.

    Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.

  102. 8 Beni Bondye nou an, O pèp yo!

    Fè lwanj Li sone,

  103. 1 Louwe SENYÈ a, tout nasyon yo!

    Selebre Li, tout pèp yo!

  104. 164 Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou,

    akoz òdonans dwat Ou yo.

  105. 19 O lakay Israël, beni SENYÈ a!

    O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!

    20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a!

    Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!

    21 Ke SENYÈ a beni soti nan Sion,

    Sila ki abite Jérusalem nan,

    Beni SENYÈ a!

  106. 1 Beni SENYÈ a!

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    2 Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv.

    Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an

    pandan mwen sou latè a.

  107. 31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li. 32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”

  108. 11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.