55 Bible Verses About Predestination

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Predestination
  1. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  2. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  3. 9 Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.” 10 Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. 11 Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, 12 Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”. 13 Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.

    14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.

    19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.

  4. 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.

  5. 48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.

  6. 37 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.

    38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  7. 23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25 ki pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:

    ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;

    e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?

    26 Wa sou latè yo ap pran pòz yo

    e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a

    ak kont Kris Li a.’

    27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

  8. 1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo, 2 selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.

  9. 14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  10. 1 Konsa, mwen mande: Èske Bondye rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an. 2 Bondye pa janm rejte pèp Li a ke Li te konnen oparavan an. Èske ou pa konnen sa Ekriti a di nan pasaj sou Élie, jan li te plede avèk Bondye kont Israël? 3 “Senyè yo touye pwofèt ou yo; yo kraze lotèl ou yo. Se mwen sèl ki rete, e y ap chèche touye m tou.” 4 Men ki repons ojis Bondye te bay li?: “Mwen kenbe pou Mwen menm sèt-mil òm ki pa t mete ajenou devan Baal.” 5 Nou konprann menm jan ke nan tan prezan pa nou anplis, nou twouve yon retay nan pèp la pa gras ak chwa Bondye. 6 Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.

    7 Alò, Kisa? Sa ke Israël ap chèche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin di nan kè. 8 Jis jan sa te ekri a: “Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”

    9 Konsa, David di:

    “Kite tab yo devni yon pèlen ak yon pyèj;

    yon wòch bite ak yon chatiman pou yo.

    10 Kite zye yo vin nwa pou yo pa wè

    ak do yo koube pou tout tan.”

  11. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  12. 4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:

    5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

  13. 8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.

  14. 1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a, 2 nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. 3 Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an, 4 a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.

  15. 10 ki deklare lafen depi nan kòmansman

    e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

    Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

    11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,

    yon nonm volonte Mwen an,

    k ap soti nan yon peyi lwen.

    Anverite, Mwen te pale.

    Anverite, Mwen va fè sa rive.

    Mwen ki te fè plan an;

    Mwen k ap fè l rive.

    12 Koute Mwen, nou menm, moun tèt di,

    ki lwen ladwati yo!

  16. 22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.

  17. 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an. 5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.

  18. 29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  19. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.

  20. 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

  21. 13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.

  22. 19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

  23. 20 Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

  24. 44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.

  25. 13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. 14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.

    15 “‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè. 16 Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè. 17 Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.

    18 “‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.

  26. 24 SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe! 25 Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo. 26 Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo. 27 Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”

  27. 17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, 18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li. 19 Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi a zèv li;

  28. 20 “Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout. 21 E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li. 22 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.

  29. 8 Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.

    9 Alò, Sarah te wè fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap moke l. 10 Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”

    11 Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a. 12 Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome. 13 Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”

    14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.

  30. 1 Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kab bay glwa a Ou menm. 2 Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.

  31. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

    24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

    30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”

  32. 16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

    17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.

    18 “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou. 19 Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.

    20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi. 21 Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.

    22 “Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.

    23 “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou. 24 Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.

    25 “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’

    26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen. 27 E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”

  33. 10 Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.”

    Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. 11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”

    13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’

    14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”

  34. 1 Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:

    2 Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an

    ak pawòl san konesans yo?

    3 Alò, mare senti ou tankou gason,

    M ap mande ou e ou va enstwi M!

  35. 25  Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.

  36. 10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

    12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.

  37. 13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane. 14 Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. 15 Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. 16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”

  38. 4 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la. 5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.

    8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.

  39. 1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,

    e pèp yo fòmante yon vye bagay?

    2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo

    pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,

    e kont onksyone pa Li a:

    3 “Annou chire chenn sa yo,

    e jete kòd ki mare nou yo!”

    4 Sila ki chita nan syèl la ri;

    SENYÈ a ap moke yo.

  40. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

    17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!

    A la gran, yo gran anpil!

  41. 35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,

    men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la

    e pami sila ki rete sou latè yo;

    epi nanpwen moun ki ka evite men Li,

    ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”

  42. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  43. 5 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:

    “lè Mwen va fè leve pou lakay David,

    yon branch plen ladwati.

    Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.

    6 Nan jou Li yo, Juda va sove,

    e Israël va rete ansekirite.

    Men non pa sila yo va rele Li a:

    ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”

  44. 10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.

    11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”

    13 Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?

    14 “Moun k ap simen an simen pawòl la. 15 Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.

    16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa. 17 Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.

    18 “Lòt yo se sila yo ki te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo, 19 men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.

    20 “Sila ki te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”

  45. 4 Mwen te pèsekite Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon, 5 kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.

    6 “Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen. 7 Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’

    8 “Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?”

    “E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’

    9 “Sila ki te avè m yo te wè limyè a, men pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.

    10 “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?”

    “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’

  46. 5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

    16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  47. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  48. 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.

    5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.

    10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.

  49. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

  50. 1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”

  51. 30 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.

  52. 18 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;

    byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.

    M ap mete lespri Mwen sou Li,

    e Li va pwoklame jistis a payen yo.

    19 Li p ap diskite, ni kriye;

    ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.

    20 Yon wozo brize, Li p ap kase,

    e yon fisèl bouji k ap toufe,

    Li p ap tenyen,

    jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.

    21 Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”

  53. 44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”

    45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.

  54. 22 Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem. 23 Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.

    24 Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”

    25 Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.” 26 Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.

    27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen. 28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.

    29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a.

  55. 22 “Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 23 E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila va detwi nèt pami pèp la.’

    24 “Epi menm jan an tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.

    25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.