27 Bible Verses About Boldness
Bib Sen An (BSA)
-
8 Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
13 Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.
-
1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
-
29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
-
1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè.
-
19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
-
31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
-
19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
3 Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.
-
8 Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.
-
46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo.
-
26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
-
30 Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.
-
12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. 13 Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. 14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète. 18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
-
8 Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon, 9 malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.
-
1 Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan pa t anven. 2 Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.
3 Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun. 4 Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo.
-
17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
-
4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
-
12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.
-
43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
-
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.
-
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
26 Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
27 Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
28 Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem. 29 Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò. 30 Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.
31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
-
13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
-
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
-
12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.
-
6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
Shows Read in context, Share and Copy.