65 Bible Verses About Judgment Day
Bib Sen An (BSA)
-
11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
-
1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, 2 pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.
3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, 4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”
5 Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo. 6 Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. 7 Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
-
31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
-
9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
-
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
-
9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.
Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.
Abiman Li te tankou lanèj blan,
e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.
Twòn Li te briyan akoz flanm yo,
e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;
Milye dè milye t ap okipe L.
Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.
Jijman an te etabli.
Liv yo te vin ouvri.
-
47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. 48 Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. 49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
-
36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40 Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42 Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
-
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
-
4 Yon bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. 5 Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.
6 Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. 7 Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann. 8 Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. 9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. 12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. 13 Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan jou kòlè Li k ap anflame a.
-
9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
-
10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. 11 Paske sa ekri:
“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,
tout jenou ap bese devan Mwen,
e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
-
4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
-
12 “Kite nasyon yo leve pwòp tèt yo
pou vin monte nan vale Josaphat a;
paske se la Mwen va chita pou jije
tout nasyon ki ozalantou yo.
13 Fè antre boutdigo rekòlt la,
paske rekòlt la vin mi.
Vin mache foule anba pye,
paske pèz diven an vin plen.
Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
14 Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!
Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
15 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,
e zetwal yo va pèdi briyans yo.
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion,
e va sone vwa Li soti Jérusalem.
Syèl yo ak tè a va tranble,
men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a,
ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
17 Konsa, nou va konnen
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
k ap viv nan Sion, mòn sen Mwen an.
Nan lè sa a Jérusalem va sen,
e etranje yo p ap pase ladann ankò.
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
19 Égypte va vin yon dezè,
Edom va vin yon savann dezole,
akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,
akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,
paske SENYÈ a rete nan Sion.”
-
14 Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, yon jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
-
22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la, 23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
-
5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
-
39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
-
29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
30 “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa, 31 epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.
34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt. 36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo. 38 Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la. 39 Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.
-
15 Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”
16 Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :
“Va gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’
Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,
yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
17 Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
18 Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a!
Pouki sa nou anvi wè jou SENYÈ a?
Li va yon jou tenèb olye limyè.
19 Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l
rankontre yon lous;
oswa pou l rive lakay li,
apiye men l sou mi kay la,
pou yon koulèv vin mòde l.
20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
-
47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
-
15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
-
42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
-
1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
-
6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a. 7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.
-
14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”
-
14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
-
11 Ògèy a lòm va vin bese
e wotè a lòm va vin imilye.
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman
kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan;
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,
e ki leve tèt yo wo,
kont tout chenn Basan yo.
14 Kont tout mòn wo yo,
kont tout kolin ki leve wo yo,
15 Kont tout fò wo yo,
kont tout miray fòtifye yo,
16 Kont tout bato Tarsis yo,
kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17 Ògèy a lòm va vin imilye
e wotè a lòm va vin desann.
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18 Men zidòl yo va vin disparèt nèt.
-
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
1 Soufle twonpèt la nan Sion,
e sone alam nan sou mòn sen Mwen an!
Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble,
paske jou SENYÈ a ap vini.
Anverite, li vin pwòch.
2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa,
yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès.
Tankou solèy k ap leve sou mòn yo;
konsa gen yon gwo pèp pwisan.
Pa t janm gen yon bagay konsa,
ni p ap janm gen anyen ankò,
jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.
3 Devan yo, se dife k ap devore,
e dèyè yo, se yon flanm k ap brile.
Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo,
men yon savann dezole dèyè yo,
e nanpwen anyen ki chape.
4 Aparans yo se tankou aparans cheval la;
epi kon yon kavalye kouri cheval li,
se konsa yo kouri.
-
32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. 33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 37 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”
-
17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.
-
12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 13 zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun. 14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans. 15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
-
7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
10 Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
-
1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.
-
20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm. 23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
-
42 “Pou sa, 43 men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. 44 Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
11 Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”
12 “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
13 “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
14 “Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
15 “Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
-
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
-
32 Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. 33 Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.
-
16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,
nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,
e yo va pwofetize.
19 Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la,
ak sign anba sou latè;
san avèk dife, avèk vapè lafimen.
20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,
avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
21 E li va rive ke tout moun
ki rele Non Senyè a va sove.’
22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,
-
9 devan SENYÈ a,
paske l ap vini pou jije latè.
Li va jije lemonn ak ladwati Li
E pèp yo avèk jistis.
-
15 Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou. 16 Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la.
-
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
-
14 Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete. 15 Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
-
1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a?
-
12 Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
13 Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo. 14 Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
15 “Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”
16 Konsa, yo te rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Harmaguédon an.
-
27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
-
1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a?
-
8 Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.
9 Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. 10 Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo. 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.
-
21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. 22 Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini.
-
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
-
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.
Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
-
5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.
-
38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
-
1 Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
2 “Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen. 3 Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.
4 “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. 5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
-
8 “ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; 9 men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
-
17 Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
-
1 “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri. 2 Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye. 3 Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.
4 “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.
5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
Shows Read in context, Share and Copy.