16 Bible Verses About The Rapture
Bib Sen An (BSA)
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
30 “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa, 31 epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.
34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt. 36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo. 38 Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la. 39 Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.
40 “Nan moman sa a, ap gen de mesye nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete. 41 De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.
42 “Pou sa,
-
1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.
5 Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6 Konsa, nou konnen kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7 Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
-
50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
-
7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. 8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
9 Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; 11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
-
10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
-
7 Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.
-
20 Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè; 21 ni yo p apdi: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”
22 Ankò Li te di a disip yo: “Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l. 23 Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo.
24 “Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a. 25 Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.
26 “Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo. 27 “Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.
28 “Se te menm jan ke sa te rive nanjou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.
29 “Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.
30 “Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nanap revele a. 31 Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.
32 “Sonje madanm a Lot.
33 “Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.
34 “Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. 35 Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. 36 De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”
37 Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?”
E Li te di yo: “Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble.”
-
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
27 Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan.
-
21 E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li. 22 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo. 23 Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.
24 “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 25 Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.
26 “Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa. 27 Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.
-
10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
-
32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. 33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 37 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”
-
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. 35 Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. 36 Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
Shows Read in context, Share and Copy.