44 Bible Verses About Gluttony
Bib Sen An (BSA)
-
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
-
17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an. 18 Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la, 19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri,
-
1 Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,
konsidere byen sa ki devan ou.
2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou
si ou se yon nonm ak gwo lanvi.
3 Pa dezire bon manje sa yo,
paske se yon repa desepsyon.
4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
sispann reflechi sou sa.
5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.
Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg
k ap vole vè syèl yo.
6 Pa manje pen a yon mesye ki chich,
ni anvi bèl bagay li;
7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.
Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.
8 Ou va vomi mòso ke ou te manje a
e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
-
7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
-
18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’! 19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
-
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
16 Èske ou te jwenn siwo myèl?
Manje sèlman kont ou,
pou ou pa gen twòp pou vomi li.
-
12 Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo. 13 Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.” 14 Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zòrèy mwen yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
-
12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.
-
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
-
29 Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil. 30 Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
31 Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.”
32 Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
33 Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
34 Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li.
Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
-
49 “‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo. 50 Konsa, yo te plen ògèy e te komèt abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa.
-
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
-
21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. 22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
-
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
-
17 Sepandan, yo te kontinye peche kont Li,
e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
18 Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv
lè yo te mande manje selon dezi yo.
-
45 “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; 46 mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
-
18 “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. 19 Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou, 20 men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”
-
24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
-
1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
-
1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.
-
26 Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li,
Li te dirije van sid la.
27 Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè,
menm zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
28 Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
29 Konsa, yo te manje vant plen,
e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
30 Avan, yo te satisfè dezi yo,
pandan manje a te toujou nan bouch yo,
31 kòlè Bondye te leve kont yo e
te touye kèk nan pi vanyan pami yo.
Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
-
12 Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye.
-
13 “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch.
-
7 Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.”
-
11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.
-
15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
-
13 Li te fè li monte sou wo plas tè yo.
Yo te manje pwodwi a chan yo.
Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la,
ak lwil nan wòch ki te di:
14 Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo,
avèk grès jenn ti mouton yo,
Belye a ras Basan yo ak kabrit,
Avèk ble ki pi fen yo.
Nou te bwè san rezen an,
diven an menm nou te bwè.
15 Men Israël te vin gra e te voye pye.
Ou vin gra, gwo e swa.
Li te abandone Bondye ki te fè l la,
e li te meprize Wòch a delivrans li an.
-
25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;
men vant mechan an toujou gen bezwen.
-
28 Tankou yon gran vil ki kase antre san miray,
se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.
-
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
-
16 Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo.
-
34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.
-
23 Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
-
12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv.
-
9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,
-
14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.
Shows Read in context, Share and Copy.