55 Bible Verses About Drunkenness
Bib Sen An (BSA)
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
-
1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
-
29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès k ap plenyen?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki mize sou diven an,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va twouble anpil.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
-
4 Se pa pou wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 Bay bwason fò a sila k ap peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
-
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
-
7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. 8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
-
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen. 21 Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
-
23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
24 Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo. 25 Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.
-
8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: 9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 10 Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. 11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
-
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
-
17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
-
1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! 2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li. 3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.
-
15 “Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! 16 Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou. 17 Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
-
22 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
-
11 Lavi pwostitisyon, diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
12 Pèp mwen an mande konsèy
a zidòl ki fèt ak bwa yo.
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te enfidèl a Bondye yo a.
-
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
-
36 Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten. 37 Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.
-
13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.
-
9 Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a. 10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
-
1 Belschatsar, wa a te fè yon gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo. 2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo. 3 Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo. 4 Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
5 Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a. 6 Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.
-
2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
-
12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”
-
13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. 15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an.
-
20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. 22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
-
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.
-
20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
-
1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, 3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch.
-
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
-
4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp. 5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. 7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”
-
19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
-
14 SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li.
-
27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’
28 Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè!
-
31 Ou te mache nan chemen a sè ou a. Pou sa, Mwen va mete tas pa li a nan men ou.’
32 “Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Ou va bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj.
Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou.
Li byen gwo.
33 Ou va vin plen ak soulay ak tristès,
tas a gwo laperèz ak dezolasyon,
tas a sè ou a, Samarie.
34 Ou va bwè li e vide li nèt.
Epi ou va manje sou ti mòso chire yo
e dechire tete ou;
paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.
-
16 “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun 17 pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’. 18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’! 19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
-
9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
-
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
-
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
-
1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, 2 avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”
-
9 Pran reta epi tann! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò. 10 Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo.
-
6 Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;
Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.
Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”
-
42 M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san,
e nepe Mwen va devore chè avèk san
a mò yo ak kaptif yo,
k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
-
17 Leve ou menm! Leve ou menm!
Kanpe, O Jérusalem!
Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li.
Gode ki pou fè ou kilbite a,
ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
-
21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki aflije,
ki sou, men pa avèk diven:
22 Konsa pale Senyè ou a,
SENYÈ a, menm Bondye ou,
ki pran plede kòz pou pèp Li a:
“Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a,
gode kòlè Mwen an soti nan men ou;
ou p ap janm bwè l ankò.
23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo,
ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’.
Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a;
tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”
-
7 Babylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a,
ki te fè tout mond lan vin sou.
Nasyon yo te bwè nan diven li an;
akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.
8 Sibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt;
rele anmwey sou li!
Pote pomad pou doulè li.
Petèt li ka geri.
9 “Nou te pito gerizon pou Babylone,
men li pa t geri.
Abandone l.
Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou;
paske jijman li an fin rive nan syèl la,
e leve wo rive jis nan syèl yo.
-
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
Shows Read in context, Share and Copy.