42 Bible Verses About Friendship
Bib Sen An (BSA)
-
12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
-
5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
6 Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se bo a yon ènmi.
7 Moun vant plen rayi siwo myèl;
men pou sila ki grangou,
nenpòt bagay anmè vin dous.
8 Tankou yon zwazo ki egare nich li,
se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
9 Lwil ak pafen fè kè kontan;
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
-
17 Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
18 Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,
e devni responsab nan prezans a vwazen li.
-
24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
-
9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
-
17 Se fè ki file fè;
se konsa yon nonm file zanmi l.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
1 Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. 2 Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l. 3 Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. 4 Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
5 Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
-
20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
-
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon moun kolerik,
25 sinon, ou va aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
-
23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.
-
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
-
9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
-
33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
-
16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
18 Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
-
20 Se zanmi mwen yo k ap moke m.
Zye m kriye a Bondye.
21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,
kon yon moun plede ak vwazen li!
-
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,
-
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
-
28 Yon nonm pèvès gaye konfli,
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
-
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
-
2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
-
11 Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.
-
7 Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan?
-
26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;
men chemen a mechan fè yo egare.
27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,
men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
-
12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.
Konsa, mwen ta kab sipòte l.
Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.
Konsa, mwen ta kab kache de li.
13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,
ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
-
5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen. 6 Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’ 7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’ 8 Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.
-
4 Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
5 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
6 Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;
tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
7 Tout frè a malere yo a rayi li;
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.
L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
-
11 Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a. 12 Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13 “Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou. 15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
16 “Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
-
50 Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
-
26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan.
Ou te konn fè m byen kontan.
Lanmou ou te yon bèl bagay.
Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
-
9 Menm zanmi ki te pre m nan,
nan sila mwen te mete konfyans la,
li ki te manje pen mwen an,
te leve talon li kont mwen.
-
1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
4 Pa kite dòmi tonbe nan zye ou,
ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,
oswa zwazo a nan pèlen moun lachas la.
-
19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
-
11 “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la. 12 Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan. 14 Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
Shows Read in context, Share and Copy.