42 Bible Verses About Friendship and Love
Bib Sen An (BSA)
-
12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
-
17 Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
18 Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,
e devni responsab nan prezans a vwazen li.
-
24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
-
9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
-
5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
6 Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se bo a yon ènmi.
-
17 Se fè ki file fè;
se konsa yon nonm file zanmi l.
-
1 Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. 2 Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l. 3 Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. 4 Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
5 Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
-
9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
-
23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.
-
20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
-
10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
-
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
-
28 Yon nonm pèvès gaye konfli,
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
-
9 Lwil ak pafen fè kè kontan;
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
-
10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,
-
33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
-
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
-
7 Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.
8 Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan. 9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.
10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a. 11 Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.
-
20 Se zanmi mwen yo k ap moke m.
Zye m kriye a Bondye.
21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,
kon yon moun plede ak vwazen li!
-
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon moun kolerik,
25 sinon, ou va aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
-
31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
-
16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
18 Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
-
32 Li te rive pandan David t ap pwoche krèt mòn nan, kote yo adore Bondye a, ke vwala, Huschaï, Achit la, te rankontre li avèk manto li chire ak pousyè sou tèt li. 33 David te di li: “Si ou janbe lòtbò avè m; alò, ou va ankonbre m. 34 Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen. 35 Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo. 36 Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”
37 Konsa, Huschaï, zanmi a David la, te antre nan vil la, e Absalom te vini Jérusalem.
-
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
-
26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;
men chemen a mechan fè yo egare.
-
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
-
5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen. 6 Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’ 7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’ 8 Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan.
Ou te konn fè m byen kontan.
Lanmou ou te yon bèl bagay.
Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
-
7 Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan?
-
12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.
Konsa, mwen ta kab sipòte l.
Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.
Konsa, mwen ta kab kache de li.
13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,
ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
11 Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. 12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.
-
2 a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
-
7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye.
-
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.
Shows Read in context, Share and Copy.