47 Bible Verses About Anxiety

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Anxiety
  1. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  2. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

    “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

    31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  3. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

    6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

    10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  4. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  5. 22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.

    24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.

    25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?

  6. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  7. 19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

    konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.

  8. 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

    men yon bon pawòl fè l leve.

  9. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  10. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

    7 Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.

  11. 22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

    Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

  12. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

    28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.

  13. 32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi.

  14. 4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

    epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

  15. 7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

    Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

    Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

    8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

    Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

    9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,

    men sila k ap tann SENYÈ yo,

    va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

  16. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  17. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

    4 Akoz ou presye nan zye M,

    akoz ou gen gran valè

    e Mwen renmen ou,

    Mwen va bay lòt moun nan plas ou

    e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

  18. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  19. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la. 14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an.

  20. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

    8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,

  21. 3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

  22. 30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  23. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  24. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  25. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

  26. 16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!

  27. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  28. 31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?

  29. 4 Pale a sila ki gen kè twouble yo,

    “Pran kouraj!

    Pa pè!

    Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.

    Rekonpans Li an va rive.

    Li va vini, e Li va sove nou.”

  30. 7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  31. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  32. Yon sòm David

    1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.

    Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

    defans lavi mwen.

    Se kilès k ap fè m gen laperèz?

    2 Lè malfektè yo te rive sou mwen

    pou yo ta devore chè m,

    advèsè mwen yo ak lènmi m yo

    te chape tonbe.

    3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

    Malgre lagè leve kont mwen,

    malgre sa, m ap gen konfyans.

  33. 10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

    Mwen va leve wo pami nasyon yo.

    Mwen va leve wo sou tè a.”

  34. 14 Paske li te renmen M konsa,

    pou sa, Mwen va delivre li.

    Mwen va mete li byen solid an wo,

    akoz li te rekonèt non Mwen.

    15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.

    Mwen va avèk Li nan tan twoub la.

    Mwen va delivre li e bay li lonè.

    16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,

    e kite li wè sali mwen.

  35. Yon Sòm pou monte vè tanp lan

    1 Mwen leve zye m vè mòn yo.

    Se kibò sekou mwen va sòti?

    2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

  36. 13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki soutni men dwat Ou,

    ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

    14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

    nou menm mesye Israël yo.

    Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.

    “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

  37. 41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  38. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  39. 28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.

  40. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

  41. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

  42. 23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

    Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

  43. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

  44. 11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”

  45. 29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou.

  46. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  47. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.