48 Bible Verses About God's Holiness

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Holiness
  1. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

    17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

    18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

    22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

    24 Paske:

    “Tout chè tankou zèb,

    e tout laglwa li tankou flè zèb la.

    Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,

    25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”

    E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

  2. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen.

  3. 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

    Kilès ki tankou Ou?

    Kilès ki tankou ou

    nan majeste ak sentete,

    etonan nan lwanj,

    k ap fè mèvèy yo?

    12 Ou te lonje men dwat Ou;

    Lanmè a te vale yo.

    13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou,

    Ou te mennen pèp ke Ou te ransone a.

    Nan pwisans Ou an,

    Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.

  4. 1 Anne te priye e te di:

    “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

    Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

    Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

    akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

    2 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

    Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

    ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

  5. 44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè. 45 Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”

    46 “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè, 47 pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”

  6. 2 “Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.

  7. 3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  8. 1 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”

    2 La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. 3 Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. 4 Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. 5 Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. 6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

  9. 15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

    Sila ki viv jis pou tout tan an,

    non a Li se Sila ki Sen an, pale:

    “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

    anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

    pou fè leve lespri a enb yo,

    e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

  10. 5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!

    Adore nan machpye twòn Li an.

    Se sen ke Li ye.

  11. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.

  12. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

    2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

    4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.

    7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

    9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.

  13. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  14. 25 “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen,

    pou M ta kapab vin egal avè l?”

    pale Sila Ki Sen an.

  15. 5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.”

  16. 8 Bondye regne sou nasyon yo.

    Bondye chita sou twòn wayal Li a.

  17. Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.

    1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,

    nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.

  18. 21 Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.

    22 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo. 23 Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.

  19. 49 Paske Toupwisan an

    te fè gwo bagay pou mwen.

    Non Li sen.

  20. 29 Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an.

    Pote lofrann yo vini devan L.

    Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.

  21. 3 Sepandan, Ou sen;

    Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.

  22. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

  23. 26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo; 27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.

    28 Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.

  24. 26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.

  25. 19 Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo. 20 Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”

  26. 3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?

    Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?

    4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,

    ki pa leve nanm li vè sa ki fo,

    ni ki pa fè fo temwayaj.

    5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,

    ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.

  27. 9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.

    Tranble devan L, tout latè a.

  28. 35 Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen,

    Mwen p ap manti a David.

  29. 8 Yon gran chemen va la, yon gran ri.

    Li va rele Chemen Sen an.

    Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,

    men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.

    Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.

  30. 15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”

  31. 5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

  32. Yon sòm David

    1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?

    Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?

  33. 12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e

    bay remèsiman a non sen Li an.

  34. 1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.

    Li plase twòn Li an anwo cheriben yo.

    Kite latè pran tranble!

    2 SENYÈ a gran nan Sion.

    Li leve wo anwo tout pèp yo.

    3 Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye;

    Se sen ke Li ye.

  35. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  36. 6 Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.

    7 “‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a. 8 Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen.

  37. 4 SENYÈ a nan sen tanp Li an.

    SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.

    Zye Li veye.

    Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

  38. 22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.

    A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,

    O Sila Ki Sen an Israël la.

  39. 32 Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an,

  40. 10 Bay glwa a sen non Li.

    Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a

    vin ranpli ak jwa.

  41. 10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;

    wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,

    pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.

  42. 21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz

    nou mete konfyans nou nan sen non Li.

  43. 41 Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv,

    epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.

  44. 16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman

    e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.

  45. 14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

    nou menm mesye Israël yo.

    Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.

    “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

  46. 15 Gade anba depi nan syèl la

    e wè soti nan abitasyon sen Ou

    ki plen ak glwa Ou.

    Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

    Santiman a kè ou ak konpasyon Ou

    te vin anpeche de mwen.

  47. 20 Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”

  48. 13 Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”