114 Bible Verses About God

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God
  1. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.

    35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  2. 5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.

    6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  3. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

  4. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9 Pou tout sa, priye konsa:

    “‘Papa nou ki nan syèl la,

    ke non Ou kapab Sen.

    10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

    ke volonte Ou kapab fèt sou latè

    menm jan ke li fèt nan syèl la.

    11 Bay nou pou jou sa a pen

    ke nou bezwen an,

    12 Epi padone nou ofans nou yo

    menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

    13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

    14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.

  5. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm

  6. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

  7. 24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

  8. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  9. 13 Si nou pa fidèl

    Li rete fidèl;

    paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

  10. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.

    5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:

    “Ou se Fis Mwen.

    Jodi a Mwen fè Ou”?

    E ankò:

    “Mwen va yon Papa pou Li e

    Li va yon Fis pou Mwen,”

    6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”

  11. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.

    2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.

    Ou konprann panse mwen yo de lwen.

    3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk

    kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

    4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

    Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.

    5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

    Ou te poze men Ou sou mwen.

    6 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.

    Li twò wo.

    Mwen pa kab rive kote l.

    7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

    Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

    8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

    Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

    9 Si mwen pran zèl nan maten,

    si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

    10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,

    e se men dwat Ou k ap kenbe m.

    11 Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen,

    e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”

    12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,

    e fènwa a klere menm jan ak lajounen.

    Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.

  12. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  13. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  14. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

    2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

    4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.

  15. 5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

    6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

    8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  16. 18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

    19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

    20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”

    21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la. 22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. 23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”

  17. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  18. 17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:

    “Mwen va detwi sajès a saj yo,

    e entèlijans moun save yo,

    mwen va mete sou kote.”

    20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.

  19. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

  20. 1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; 2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. 3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. 4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit.

  21. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.

  22. 1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

    10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.

  23. 4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

  24. 12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

    14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  25. 13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.

    16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.

    17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.

  26. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  27. 6 Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ.

    Ou gran!

    Gran se non Ou an pwisans!

    7 Se kilès ki pa ta krent Ou,

    O Wa a nasyon yo?

    Anverite, se sa Ou merite!

    Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,

    ak nan tout wayòm yo,

    nanpwen okenn tankou Ou.

  28. 33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  29. 4 Wòch la! Zèv Li yo pafè,

    paske tout chemen li yo jis.

    Yon Bondye fidèl e san enjistis,

    dwat e jis ke Li ye.

  30. 1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm.

  31. 15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.

  32. 6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:

    pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.

    7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.

    Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.

    8 Kite tout latè krent SENYÈ a.

    Kite tout sila ki rete nan mond lan

    kanpe etone nèt pa Li menm.

    9 Paske Li te pale e mond lan te fèt.

    Li te kòmande e li te kanpe fèm.

    10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

    Li anile pwojè a pèp yo.

    11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

    e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

    12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,

  33. 7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;

    men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

    8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

    9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.

    Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò,

    konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,

    ni ke Mwen p ap repwoche nou.

    10 Paske mòn yo kapab deplase,

    e kolin yo ka disparèt,

    men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

    Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”

    di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

  34. 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  35. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.

  36. 22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

  37. 11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.

    Anverite, kan Li vin byen gran,

    paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a.

    Anverite, jou SENYÈ a gran.

    Li tèrib anpil!

    Se kilès ki ka sipòte li?

    12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,

    “retounen kote Mwen ak tout kè nou;

    avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”

    13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  38. 24 Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye? 25 Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo. 26 Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?

    27 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”

    28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”

    29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

  39. 3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  40. 7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,

    bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.

    8 Bay a SENYÈ a glwa a non Li.

    Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.

    9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.

    Tranble devan L, tout latè a.

    10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”

    Anverite, mond lan etabli byen solid.

    Li p ap ebranle menm.

    SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.

    11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.

    Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.

    12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.

    Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa

    13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.

    Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan

    avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

  41. 6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

    7 Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse,

    zèv Li yo a fis Israël yo.

    8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  42. 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

    “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

    31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

  43. 18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? 19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE 20 Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE! 21 Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen. 22 Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.

  44. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

  45. 9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,

    paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

    Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

    10 ki deklare lafen depi nan kòmansman

    e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

    Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

    11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,

    yon nonm volonte Mwen an,

    k ap soti nan yon peyi lwen.

    Anverite, Mwen te pale.

    Anverite, Mwen va fè sa rive.

    Mwen ki te fè plan an;

    Mwen k ap fè l rive.

  46. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.

  47. 1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:

    2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,

    e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.

    3 Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’”

    “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;

    bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.

    4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;

    Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’

    5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,

    men koulye a, zye m wè Ou.

    6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,

    e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”

  48. 13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl

    e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.

  49. 20 “Rasanble nou e vini.

    Rapwoche nou ansanm, nou menm,

    refijye a nasyon yo.

    Lòt yo pa gen konesans;

    sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou,

    e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.

    21 Deklare e prezante ka nou an.

    Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm.

    Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo,

    ki te deklare sa depi lontan?

    Èske se pa Mwen, SENYÈ a?

    Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen,

    yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.

    22 “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo;

    paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.

    23 Mwen te sèmante pa Mwen menm,

    pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati

    e li p ap vire fè bak;

    ke a Mwen menm, tout jenou va koube

    e tout lang va sèmante fidelite.

    24 Yo va di de Mwen:

    ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’”

    Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te

    fè laraj kont Li va vin wont nèt.

  50. 15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

    Sila ki viv jis pou tout tan an,

    non a Li se Sila ki Sen an, pale:

    “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

    anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

    pou fè leve lespri a enb yo,

    e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

  51. 15 Gade anba depi nan syèl la

    e wè soti nan abitasyon sen Ou

    ki plen ak glwa Ou.

    Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

    Santiman a kè ou ak konpasyon Ou

    te vin anpeche de mwen.

    16 Paske Ou se Papa nou,

    malgre Abraham pa rekonèt nou,

    ni Israël pa rekonèt nou.

    Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

    Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

  52. 25  Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.

    28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  53. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  54. 3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.

    Ladwati Li dire jis pou tout tan.

    4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.

    SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.

  55. 25 “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen,

    pou M ta kapab vin egal avè l?”

    pale Sila Ki Sen an.

    26 Leve zye nou anlè,

    e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;

    Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.

    Li rele yo tout pa non yo.

    Akoz grandè a pwisans Li

    ak fòs pouvwa Li,

    nanpwen youn nan yo ki manke.

  56. 10 Men SENYÈ a se vrè Bondye a;

    Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la.

    Devan kòlè Li, tout latè tranble

    e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.

  57. 9 Men jan sa ekri a:

    “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

    ki pa janm antre nan kè a lòm;

    tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

    10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a.

  58. 26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.

    28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?

    30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.

  59. 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

    Kilès ki tankou Ou?

    Kilès ki tankou ou

    nan majeste ak sentete,

    etonan nan lwanj,

    k ap fè mèvèy yo?

  60. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

    7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  61. 141 Mwen vin piti e meprize.

    Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.

    142 Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.

  62. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7  P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

  63. 17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, 18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li. 19 Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi a zèv li; 20 ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a.

  64. 20 Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’ 21 Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.

    22 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo. 23 Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.

  65. 34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;

    Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan

    epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.

    35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,

    men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la

    e pami sila ki rete sou latè yo;

    epi nanpwen moun ki ka evite men Li,

    ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”

  66. 15 Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste. 16 O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.

    17 Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, kite fas ou briye sou sanktyè dezole Ou a. 18 O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou. 19 O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”

  67. 18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  68. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  69. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

  70. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  71. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

  72. 7 Lalwa SENYÈ a pafè

    Li rekonfòte nanm.

    Temwayaj SENYÈ a vrè,

    k ap fè saj yo senp.

    8 Prensip a SENYÈ yo dwat,

    ki fè kè rejwi.

    Kòmandman SENYÈ a san tach.

    Li fè zye yo limen.

    9 Lakrent SENYÈ a pi;

    Li dire jis pou tout tan.

    Jijman SENYÈ yo vrè;

    Yo jis san manke.

    10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.

    Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

    ki tonbe nan gato myèl la.

  73. 5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,

    e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.

    6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,

    nan syèl la oswa sou tè a,

    nan lanmè yo ak nan tout fon yo.

    7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.

    Ki fè rive loray avèk lapli yo,

    ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

  74. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

    9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

    ak premye pati nan tout prodwi ou,

    10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,

    e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

    11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  75. 20 Daniel te di:

    “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,

    paske sajès ak pouvwa se pou Li.

    21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

    22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.

    Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,

    e se limyè a ki rete avè L.

    23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  76. 14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.

  77. 13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”

    14 Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”

    15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.

    16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.

  78. 13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an.

  79. 7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan;

    Li te etabli twòn Li pou jijman.

    8 Li va jije mond lan avèk ladwati;

    Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.

    9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;

    yon sitadèl nan tan twoub la.

    10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,

    paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone

    sila ki mete konfyans nan Ou yo.

  80. 160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e

    tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.

  81. 5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,

    sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

    6 Ki te fè syèl la avèk tè a,

    lanmè ak tout sa ki ladann.

    Ki fidèl jis pou tout tan.

    7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.

    Ki bay manje a moun grangou yo.

    SENYÈ a mete prizonye yo an libète.

    8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.

    SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.

    SENYÈ a renmen moun ladwati yo.

    9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.

    Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,

    men Li jennen wout mechan an.

  82. 6 Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la,

    ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo:

    Mwen se premye a e Mwen se dènye a;

    nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.

    7 Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa;

    Wi, kite li pale M sa an lòd.

    Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon an.

    Epi kite yo deklare a yo menm bagay

    k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.

    8 Pa tranble, pa pè.

    Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm

    e te demontre nou sa?

    Konsa, nou se temwen M.

    Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm?

    Anverite, nanpwen!

    Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”

  83. 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

    ki padone inikite,

    e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

    Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,

    akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

    19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.

    Li va foule inikite nou yo anba pye L.

    Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.

  84. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

  85. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

  86. 20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

  87. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  88. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

    3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.

  89. 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.

    3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.

    4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.

    5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  90. 39 Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.

  91. 29 Anplis, Glwa Israël La p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”

  92. 4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

  93. 8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

    9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

    lonje rive sou tout zèv Li yo.

  94. 2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,

    lespri a sajès ak bon konprann,

    lespri a konsèy ak pwisans lan,

    lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.

    3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.

    Li p ap jije selon sa ke zye l wè,

    ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;

    4 men ak ladwati, Li va jije malere yo,

    e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.

    Li va frape tè a ak baton bouch Li,

    e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.

    5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li

    e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.

    6 Lou a va demere ak jèn mouton an,

    leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

    jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

    epi yon tigason va mennen yo.

    7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

    pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

    8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,

    e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

    9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

    paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

    tankou dlo kouvri lanmè a.

  95. 9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. 12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. 13 Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan jou kòlè Li k ap anflame a.

  96. 10 Men SENYÈ a te kontan brize Li;

    pou mete Li nan gwo soufrans,

    pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,

    pou L ta wè desandan Li yo.

    Li va pwolonje jou Li yo,

    e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.

    11 Apre gwo doulè nanm Li an,

    Li va wè limyè a,

    e Li va satisfè.

    Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun

    akoz konesans Li anvè Li menm;

    e Li va pote inikite yo.

  97. 18 Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan kòlè Mwen. 19 Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël. 20 Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè. 21 Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo. 22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf. 23 Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

  98. 48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  99. 9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?

    “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.

    12 “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.

    13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.

  100. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

  101. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  102. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  103. 17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  104. 8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.

  105. 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  106. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

    5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

    6 Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

    8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  107. 26 Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la,

    ki monte sou syèl yo pou rive ede nou,

    e ki travèse syèl yo nan majeste Li.

    27 Bondye etènèl la se kote pou nou kache.

    Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.

    Li te chase lènmi an devan nou;

    Li te di: ‘Detwi!’

  108. 1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

  109. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

  110. 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ 11 Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12 Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.

  111. 35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li. 36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”

  112. 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

    12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

  113. 2 nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo.

  114. 16 Paske nou pa t swiv vye listwa koken lè nou te fè nou konnen pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li. 17 Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.”