36 Bible Verses About Beauty
Bib Sen An (BSA)
-
1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
-
7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”
-
30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
-
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
-
9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
-
11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
-
2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt,
e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.
Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,
ni majeste pou nou ta gade sou Li,
ni aparans pou nou ta atire a Li.
3 Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
7 Li te vin oprime e aflije;
malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.
Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,
e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila
k ap taye lenn li yo,
konsa Li pa t ouvri bouch Li.
-
8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.
Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.
9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.
Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou.
Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou.
Akoz li se senyè ou, vin bese ba devan L.
-
23 Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25 Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.
-
25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo.
-
25 Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.
-
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
-
7 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
-
7 A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
-
10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
4 Yo va rebati ansyen mazi yo,
yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.
Yo va repare vil ki te detwi yo,
dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
-
17 Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou.
Ou te fè sajès ou vin konwonpi
akoz gwo bèlte ou a.
Mwen te jete ou atè.
Mwen te mete ou devan wa yo
pou yo wè ou.
18 Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo,
nan enjistis de komès ou a,
ou te pwofane sanktyè ou yo.
Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou.
Li fin manje ou nèt.
Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a
devan zye a tout moun ki wè ou yo.
-
17 Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.
-
2 Soti nan Sion, bèlte pafè a,
Bondye fè limyè Li parèt.
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.
-
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
-
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
-
1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
2 Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3 Pale glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
4 Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.
5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo.
6 Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.
-
25 Fòs ak respè se abiman li
e li souri a lavni.
26 Li ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
-
5 Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a.
-
8 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
-
13 “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
-
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.
-
Salomon
15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!
Zye ou tankou toutrèl yo.”
Jenn Fi a
16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an;
anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
-
17 Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li.
Yo va wè yon peyi ki byen lwen.
-
17 Paske a la gran, bonte Li va gran,
e a la gran, bèlte Li va gran!
Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere
ak diven nèf pou vyèj yo.
-
8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;
yo va wè Bondye.
-
8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
-
8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
Shows Read in context, Share and Copy.