26 Bible Verses About Laughter
Bib Sen An (BSA)
-
1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,
e pèp yo fòmante yon vye bagay?
2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,
e kont onksyone pa Li a:
3 “Annou chire chenn sa yo,
e jete kòd ki mare nou yo!”
4 Sila ki chita nan syèl la ri;
SENYÈ a ap moke yo.
5 Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li.
Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
6 Men pou Mwen menm,
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,
mòn sen Mwen an.
7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou
nasyon yo kon eritaj,
jis rive nan dènye pwent latè
kon posesyon pa Ou.
-
12 Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo.
Li manje dan l sou li.
13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.
-
1 Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la. 2 Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a. 3 Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac. 4 Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a. 5 Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.
6 Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.” 7 Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”
-
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
-
10 Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.”
Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. 11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”
13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”
-
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou kontan.
-
20 “Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg;
ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
21 Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou
avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
-
24 Akoz mwen te rele nou e nou te refize;
mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo,
e nou pa t vle tande repwòch mwen;
26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.
Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,
27 lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt
e gwo dezas nou yo tankou toubiyon,
lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.
28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.
Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
-
21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
-
13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e lajwa kon fini nan tristès.
-
13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, lespri a vin brize.
14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans;
men bouch a moun sòt la, manje foli.
15 Tout jou aflije yo move;
men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
-
25 Fòs ak respè se abiman li
e li souri a lavni.
-
7 Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.
Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:
“Kilès ki tande”?
8 Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo!
Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
-
6 Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite.
-
25 “Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou.
“Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.
-
2 Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
-
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
-
3 Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè a vin pi bon.
-
10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo.
-
22 Ou va ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
-
4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.
Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
-
23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”
Epi yo te kòmanse ri sou Li.
-
25 Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.
-
27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”
-
7 O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen;
Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m.
Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen;
se tout moun k ap moke mwen.
Shows Read in context, Share and Copy.