28 Bible Verses About Christmas

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Christmas
  1. 4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.

    6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

    8 Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.

    9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

    13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

    14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

    e sou latè a, lapè pami lèzòm

    ki fè L kontan yo.”

    15 Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”

    16 Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. 17 Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. 18 Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.

    19 Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.

    20 Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.

  2. 18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”

    22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;

    23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent

    e l ap fè yon gason.

    Y ap nonmen li Emmanuel”,

    ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.

    24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li. 25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.

  3. 14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel. 15 Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.

  4. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7  P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

  5. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  6. 1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2 “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”

    3 Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li. 4 Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.

    5 Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;

    6 “E ou menm, Bethléem, peyi Judée,

    ou pa manke valè pami chèf Judée yo:

    paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm,

    Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.

    7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la. 8 Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”

    9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami. 12 Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.

  7. 26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth, 27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”

    29 Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.

    30 Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. 31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. 32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. 33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.”

    34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”

    35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

    38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-devwe a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.

  8. 1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

    6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.

    9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

    14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.

    15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’” 16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.

  9. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  10. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  11. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  12. 13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”

    14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.

    16 Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo. 17 Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:

    18 “Yon vwa te tande nan Rama;

    yo te kriye e fè gwo lamantasyon.

    Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo;

    li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”

  13. 1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a

    e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.

    2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,

    lespri a sajès ak bon konprann,

    lespri a konsèy ak pwisans lan,

    lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.

  14. 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!

    Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!

    Gade byen wa ou ap vini kote ou;

    Li jis e Li gen Sali;

    Li enb e Li monte sou yon bourik,

    menm yon jenn pòtre,

    pitit a yon bourik.

  15. 11 Temwayaj la se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl la, epi lavi sila se nan Fis Li a.

  16. 22 Yon kè kontan se bon remèd;

    men yon lespri brize seche tout zo.

  17. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  18. 5 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:

    “lè Mwen va fè leve pou lakay David,

    yon branch plen ladwati.

    Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.

  19. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

  20. 5 Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.

  21. 38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”

  22. 27 Li te reponn:

    “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

    avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

    e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

  23. 24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.

    Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

    25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;

    sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

  24. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

    “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

    31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  25. 29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.

  26. 29 Paske kado ak apèl Bondye pa revokab.

  27. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

    14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  28. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!