73 Bible Verses About Jesus Died for Our Sins

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Jesus Died for Our Sins
  1. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  2. 3 Li te meprize e abandone pa lòm;

    yon nonm ak gwo tristès

    ki te konnen gwo soufrans,

    ak tout maladi.

    Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

    Li te vin meprize,

    e nou pa t bay Li okenn valè.

    4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

    6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

    Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

    men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

    7 Li te vin oprime e aflije;

    malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.

    Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,

    e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila

    k ap taye lenn li yo,

    konsa Li pa t ouvri bouch Li.

    8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.

    Selon jenerasyon Li,

    yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,

    ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.

    9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,

    men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,

    malgre Li pa t fè okenn vyolans,

    ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.

    10 Men SENYÈ a te kontan brize Li;

    pou mete Li nan gwo soufrans,

    pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,

    pou L ta wè desandan Li yo.

    Li va pwolonje jou Li yo,

    e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.

    11 Apre gwo doulè nanm Li an,

    Li va wè limyè a,

    e Li va satisfè.

    Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun

    akoz konesans Li anvè Li menm;

    e Li va pote inikite yo.

    12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo.

    Li va divize piyaj ak moun pwisan yo,

    akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò,

    e Li te konte avèk malfektè yo;

    malgre Li te pote peche a anpil moun,

    e te entèsede pou koupab yo.

  3. 1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. 2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.

    3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo. 6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri.

  4. 14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  5. 13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon? 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.

    16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.

    18 Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a. 19 Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo. 20 Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.

    21 Sa se yon modèl parèy ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. 22 Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.

  6. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

    24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

    25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.

  7. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  8. 20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  9. 23 Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl mòso twal san koud soti anwo, jis rive anba.

    24 Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di:

    “Yo te divize vètman Mwen yo pami yo,

    e pou rad Mwen yo tire osò.”

    Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.

    25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.

    26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”

    27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.

    28 Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”

    29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.

    30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Sa fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.

  10. 33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”

    35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”

    36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”

    37 Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.

    38 Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.

    39 Lè santenye Women an, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”

    40 Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, Joses, ak Salomé. 41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.

  11. 1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.

    5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. 7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. 8 Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. 9 Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.

    12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.

    15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

  12. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

  13. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

    11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, 12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò.

  14. 17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

    18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

  15. 45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).

    46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”

    47 Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”. 48 E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè. 49 Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.

    50 Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.

    51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52 Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve. 53 Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.

  16. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.

    27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

  17. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

  18. 10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.” 11 Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”. 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”

    13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”

  19. 9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

  20. 39 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”

    40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”

    43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”

    44 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 45 Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout. 46 Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.

    47 Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”

  21. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

  22. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

  23. 26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”

  24. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.

    21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch— 23 Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.

  25. 22 Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.

  26. 11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

  27. 25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

  28. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

    5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”

    6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  29. 51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

    55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

    56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

  30. 11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. 13 Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

    16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.

  31. 3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

  32. 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.

    35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  33. 11 Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

    13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

  34. 4 Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; 5 e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

    A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— 6 epi Li te fè nou vin yon Wayòm, prèt a Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.

    7 Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.

    8 “Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”

  35. 25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”

  36. 42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  37. 17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”

  38. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.

  39. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,

  40. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.

  41. 29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.

  42. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  43. 5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”

  44. 3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.

  45. 19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

  46. 4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche.

  47. 25 Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.

    26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.

  48. 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  49. 23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.

  50. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

    20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.

  51. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  52. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

    5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

    12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  53. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

  54. 11 Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an.

  55. 14 Mwen vin vide tankou dlo.

    Tout zo m fin dejwente.

    15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.

    Lang mwen kole akote nan bouch mwen.

    Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.

    16 Konsa, chen yo vin antoure mwen.

    Yon bann malfektè vin ansèkle m.

    Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.

    17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.

    Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.

    18 Yo divize rad mwen pami yo.

    Pou vètman m, yo tire osò.

  56. 6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

    rele Li pandan Li toupre a.

    7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

    8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  57. 36 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”

    37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

  58. 5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”

  59. 22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.

  60. 16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.

    20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.

  61. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.

  62. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.

  63. 20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.

    23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini.

  64. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.

  65. 18 “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19 Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”

  66. 26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

    27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”

  67. 36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.

  68. 11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.

  69. 17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.

  70. 5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  71. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

  72. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  73. 5 Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di:

    “Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,

    men yon kò Ou te prepare pou Mwen.

    6 Nan tout ofrann ki brile

    ak sakrifis pou peche,

    Ou pa t pran plezi.

    7 Answit, Mwen te di:

    ‘Gade, Mwen gen tan vini

    (nan woulo liv la li ekri de Mwen)

    “pou fè volonte Ou, o Bondye.’”

    8 Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).

    9 Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.”

    Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10 Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.

    11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.

    12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye, 13 pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. 14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.