65 Bible Verses About Serving God
Bib Sen An (BSA)
-
23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
-
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.
“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
-
27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
-
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi. 25 Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.
26 “Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.
-
14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
-
5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
-
13 “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ 14 “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo? 15 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”
16 Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. 17 “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” 18 Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”
-
24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.
-
31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
-
12 Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? 13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.
16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.
-
9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
-
5 Sèlman, fè atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li avèk tout kè nou e ak tout nanm nou.”
-
34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
-
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
35 “Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
36 “Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape. 37 Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis. 38 Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
39 “Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. 40 Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
-
12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
-
12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.
-
11 Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.
13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
-
6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
-
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.
-
13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
-
7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
-
10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
-
1 Koute Mwen, O lil yo
e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.
SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;
depi nan vant manman M, Li te rele M.
2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;
nan lonbraj men L, Li te kache Mwen.
Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,
e Li te kache Mwen nan fouwo Li.
3 Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen,
Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”
4 Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven.
Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;
sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,
e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”
5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant
pou m ta Sèvitè Li a:
Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a,
pou Israël ta ranmase vè Li
(paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a
e Bondye Mwen an se fòs Mwen),
6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,
pou leve fè monte tout tribi Jacob yo,
e restore retay Israël la.
Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo,
pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
-
9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
-
11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk tranbleman.
-
1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;
sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.
Mwen te mete Lespri M sou Li.
Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
2 Li p ap kriye menm,
ni leve vwa l,
ni fè vwa l tande nan lari.
3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji ki brile fèb,
Li p ap etenn.
Ak fidelite, Li va mennen lajistis
e fè l vin parèt.
4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze
jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,
epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
-
33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
1 Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo 2 Li te di yo: “Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la. 3 Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo. 4 Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.
5 “Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long. 6 Yo renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo, 7 ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).
8 “Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. 9 Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la. 10 Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.
11 “Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou. 12 Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.
-
14 “Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm. 15 A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la. 16 Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis. 17 “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt. 18 Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
19 “Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo. 20 Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
22 “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
23 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
24 “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. 25 Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26 “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. 27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
-
24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. 25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. 26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
-
1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
-
31 Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.
-
55 Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.
-
5 Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. 6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv. 7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen; 8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
9 Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati.
-
13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.
-
10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”
-
23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.
Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
-
11 Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.
-
2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
-
18 “Tande, nou menm ki soud!
Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
19 Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an,
oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a?
Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M,
oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
20 Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo;
zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
21 SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li;
pou fè lalwa a gran e plen respè.
22 Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje.
Yo tout kole nan kav yo oswa
kache nan prizon yo.
Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo;
yon piyaj san okenn moun ki pou di:
“Restore yo!”
-
4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo,
pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.
Li fè M leve maten apre maten,
Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.
Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.
6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,
ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;
Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.
-
9 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
10 “‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo. 11 Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis. 12 Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a. 13 Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo. 14 Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
-
74 pou pèmèt ke nou menm,
ki te delivre nan men lènmi nou yo,
ta kapab sèvi Li san krent,
-
30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:
“Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.
Kon yon jenn mouton an silans
devan sa k ap taye lenn sou do l,
li pa t louvri bouch li.
33 Nan imilyasyon, jistis li te rachte.
Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?
Paske vi Li retire sou tè a.”
34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
-
35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
-
1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,
-
1 Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.” 2 Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.
3 Paske chak wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou. 4 Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki ofri don yo selon Lalwa, 5 ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”
6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
7 Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
-
28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.
-
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
Shows Read in context, Share and Copy.