44 Bible Verses About Walking by Faith

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Walking by Faith
  1. 1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.

    6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.

    11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.

  2. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

    2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.

    3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

    4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

    5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.

    6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

    7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

    8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

    11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”

    13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.

    17 Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. 18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: “Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”

    19 Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vrèman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. 20 Pa lafwa Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.

    21 Pa lafwa Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.

    22 Pa lafwa Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.

    23 Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.

    24 Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25 men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26 Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.

    27 Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. 28 Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. 29 Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. 30 Pa lafwa miray Jéricho yo te tonbe apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.

    31 Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.

    32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34 Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.

    35 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. 36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.

    37 Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— 38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.

    39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40 Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.

  3. 37 “Paske nan yon tan ki kout,

    Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

    38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

    e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”

    39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm lan.

  4. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  5. 13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.

    16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  6. 21 Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. 22 Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. 23 Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane. 24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.

  7. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  8. 8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

    pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

    9 Li dirije enb yo nan jistis, e

    Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

  9. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  10. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  11. 12 Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”

  12. 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  13. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

    3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  14. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  15. 25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.

  16. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

  17. 8 Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.

    9 Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo.

    Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.

  18. 1 Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.

  19. 20 Alò yo te pati depi Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.

    21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. 22 Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.

  20. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

  21. 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

    Mwen va mache nan verite Ou.

    Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

  22. 26 “Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an. 27  Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou. 28 Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”

    29 “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo. 30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou, 31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”

    32 “Men malgre tout sa, nou pa t mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an, 33 ki te ale devan nou nan chemen an pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.

  23. 33 Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.

  24. 2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.

  25. 12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

  26. 9 “SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo.

  27. 5 Sèlman, fè atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li avèk tout kè nou e ak tout nanm nou.”

  28. 10 Men Li konnen chemen ke m pran an.

    Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lò.

    11 Pye m te kenbe fèm a pa Li.

    Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.

    12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.

    Mwen te kenbe pawòl a bouch Li

    kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.

  29. 11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.

    Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

    Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

  30. 30 Pou Bondye, chemen Li san fot.

    Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.

    Li se yon boukliye pou tout moun

    k ap pran sekou nan Li.

  31. 2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

  32. 15 A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!

    O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.

  33. 18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten

    ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.

  34. 7 Chemen moun jis se ladwati.

    O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.

    8 Anverite, selon jijman Ou yo,

    O SENYÈ, nou t ap tann Ou.

    Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.

  35. 20 Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo. 21 Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zòrèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.

  36. 17 Konsa pale SENYÈ a,

    Redanmtè ou a,

    Sila Ki Sen an Israël la:

    “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,

    ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.

  37. 16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladan l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’.

  38. 21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”

  39. 16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.

  40. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

  41. 1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”

    4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran. 5 Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.

  42. 28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

    29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”

  43. 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.

  44. 19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil?