63 Bible Verses About God's Character

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Character
  1. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

    6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

  2. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

  3. 5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.

    6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

    8 Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore.

  4. 11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”

    12 Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”

    13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”

    14 Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”

    15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.

    16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.

  5. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.

    5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:

    “Ou se Fis Mwen.

    Jodi a Mwen fè Ou”?

    E ankò:

    “Mwen va yon Papa pou Li e

    Li va yon Fis pou Mwen,”

    6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”

  6. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  7. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

  8. 7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”

  9. 5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

  10. 11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  11. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.

  12. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

    24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

  13. 8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

    10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.

    11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

  14. 17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”

    18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

    19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

    20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”

    21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la. 22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. 23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”

  15. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  16. LIV 4

    Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.

    1 Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye

    pandan tout jenerasyon yo.

    2 Avan mòn yo te vin parèt,

    oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,

    menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.

    3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:

    “Retounen, O pitit a lòm yo.”

    4 Paske mil ane devan zye Ou

    se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.

  17. 27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:

    “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a

    e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?

    28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  18. 33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  19. 24 Mwen te di: “O Bondye mwen an,

    pa rache m nan mitan jou mwen yo.

    Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.

    25 Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè,

    e syèl yo se zèv lamen Ou yo.

    26 Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou.

    Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.

    Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.

    27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.

    Ane pa Ou yo p ap janm fini.

  20. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

  21. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  22. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

    20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

  23. 26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

  24. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  25. 10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

    Li anile pwojè a pèp yo.

    11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

    e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

    12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,

    13 pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a.

    SENYÈ a gade depi nan syèl la.

    Li wè tout fis a lòm yo.

  26. 12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

  27. 30 Pou Bondye, chemen Li san fot.

    Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.

    Li se yon boukliye pou tout moun

    k ap pran sekou nan Li.

  28. 6 “Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt.

  29. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.

  30. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  31. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.

  32. 15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.

  33. 8 Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.

  34. 5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

    6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

  35. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

  36. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7 Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”

    8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”

    9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?

    “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li.

  37. 17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  38. 11 “Sa se yon vre pawòl:

    Paske si nou te mouri avèk Li,

    nou va osi viv avèk Li.

    12 Si nou andire,

    nou va osi renye avèk Li.

    Si nou rejte Li,

    Li tou va rejte nou.

    13 Si nou pa fidèl

    Li rete fidèl;

    paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

  39. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

    13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon?

  40. 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

  41. 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  42. 4 Wòch la! Zèv Li yo pafè,

    paske tout chemen li yo jis.

    Yon Bondye fidèl e san enjistis,

    dwat e jis ke Li ye.

  43. 8 O goute e wè ke Bondye bon.

    A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

  44. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.

  45. 17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,

  46. 25  Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.

  47. 3 “E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vre Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.

  48. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  49. 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

  50. 8 “Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”

  51. 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

    Kilès ki tankou Ou?

    Kilès ki tankou ou

    nan majeste ak sentete,

    etonan nan lwanj,

    k ap fè mèvèy yo?

  52. 10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.

  53. Yon sòm David

    1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;

    lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.

    2 Li te fonde li sou lanmè yo,

    e te etabli li sou rivyè yo.

    3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?

    Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?

    4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,

    ki pa leve nanm li vè sa ki fo,

    ni ki pa fè fo temwayaj.

  54. 4 Li rele tout syèl yo anwo,

    avèk latè pou jije pèp Li a:

    5 “Rasanble fidèl Mwen yo kote M,

    Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.

    6 Epi syèl yo deklare ladwati Li,

    paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan

    7 “Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.

    O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.

    Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.

    8 Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo.

    Ofrann brile nou yo devan m tout tan.

    9 Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou,

    Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.

    10 Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen,

    ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.

    11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo.

    Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.

    12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,

    paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.

  55. LAMEDH

    89 Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin

    etabli nan syèl la.

    90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo.

    Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.

    91 Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou.

    Paske tout bagay se sèvitè Ou.

  56. 9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,

    paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

    Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

    10 ki deklare lafen depi nan kòmansman

    e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

    Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

  57. 10 Men SENYÈ a se vrè Bondye a;

    Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la.

    Devan kòlè Li, tout latè tranble

    e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.

    11 Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”

  58. 26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.

  59. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  60. 6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

  61. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

  62. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

  63. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”