118 Bible Verses About Righteousness
Bib Sen An (BSA)
-
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo.
-
20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
-
1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3 Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4 Paske Kris fè lalwa a akonpli, pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
-
2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. 4 Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: 5 sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; 6 kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.
-
1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman? 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye. 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. 6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
7 “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
8 Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11 Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
-
30 Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, ladwati menm ki pa lafwa a. 31 Men Israël ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a. 32 Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou wòch bite a. 33 Jis jan sa ekri a:
“Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite;
yon wòch k ap yon ofans,
e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”
-
13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
-
16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.
-
14 Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo. 15 Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.
16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
-
29 Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.
-
16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. 19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis.
-
5 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:
“lè Mwen va fè leve pou lakay David,
yon branch plen ladwati.
Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.
6 Nan jou Li yo, Juda va sove,
e Israël va rete ansekirite.
Men non pa sila yo va rele Li a:
‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”
7 “Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè yo p ap di ankò: ‘Kon SENYÈ a viv ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi Égypte;’
-
6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;
yo va satisfè.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
-
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
-
6 Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.
Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;
konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,
e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
-
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
-
4 “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an
e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an;
paske yon lwa va sòti nan Mwen
e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.
5 Ladwati Mwen toupre a.
Sali Mwen te voye deyò.
Se bra M kap jije pèp yo.
Peyi kot yo va tann Mwen,
e bra M va jije pèp yo.
6 Leve zye nou vè syèl la
e gade anba vè latè;
paske syèl la va disparèt tankou lafimen;
latè va epwize tankou yon vètman.
Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;
men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,
e ladwati Mwen p ap janm sispann.
7 “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati,
yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo.
Pa pè repwòch a lòm,
ni dekouraje lè y ap meprize nou.
8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman,
e mit va manje yo tankou len.
Men ladwati Mwen va jis pou tout tan,
e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
-
1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” 3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
-
13 Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè. 14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la. 15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an. 16 Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal. 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. 19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
-
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4 men ak ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
-
1 “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a,
k ap chache SENYÈ a:
Gade vè wòch sou sila nou te taye a,
vè min wòch kote nou te retire a.
2 Gade vè Abraham, papa nou an
ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant.
Lè li te yon sèl, Mwen te rele li,
Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
-
14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble.
-
4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;
men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
5 Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;
men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
6 Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;
men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.
-
24 Yo va di de Mwen:
‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’”
Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te
fè laraj kont Li va vin wont nèt.
25 Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye
e va rejwi!
-
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
6 Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive. 7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. 8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
-
16 Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a
e ladwati nan chan fètil la.
17 Epi zèv ladwati a va lapè,
e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans
k ap dire jis pou tout tan.
18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,
ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
-
17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la. 20 Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la.
-
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
-
8 Men a Fis la, Li di:
“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou
Tout tan e pou tout tan.
E otorite san patipri a
se otorite wayòm Li an.
9 Ou renmen ladwati e
ou rayi linikite;
konsa, Bondye, Bondye pa w la
te onksyone ou avèk lwil lajwa a
pi plis ke parèy Ou yo.”
-
18 Mechan an ranmase salè li nan koken;
men sila ki simen ladwati a, va twouve vre rekonpans lan.
19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,
e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.
-
12 Simen a nou menm anvè ladwati,
rekòlte selon ladousè.
Fann tè ki poze ou a;
se lè pou chache SENYÈ a
jis lè Li vin vide ladwati sou nou.
-
9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10 Jan sa ekri a:
“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11 Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl.
-
1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a? 2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa? 3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè? 4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven? 5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa. 6 Malgre sa “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.” 7 Konsa, se pou nou asire ke se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham. 8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”. 9 Alò sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.
-
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
-
7 Paske Bondye dwat.
Li renmen ladwati.
Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.
-
2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a peze kè yo.
3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
-
7 Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo. 8 O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou.
-
11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
-
5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a.
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
-
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
-
15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a?
Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la,
e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo;
sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san,
e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
16 Li va demere nan wotè yo;
pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche.
Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
17 Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li.
Yo va wè yon peyi ki byen lwen.
-
23 Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
-
10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati;
wayòm syèl la se pou yo.
-
22 Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
23 Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?
25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
26 Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”
27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann. 28 Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”
29 Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”
30 Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
31 Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
32 Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”
33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.
-
25 Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.
-
7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,
te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
-
2 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,
men ladwati delivre soti nan lanmò.
3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,
men l ap rejte lanvi mechan an.
-
9 Chemen mechan an abominab a SENYÈ a;
men Li renmen sila ki chache ladwati a.
-
10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,
paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
-
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?
-
9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite,
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
-
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
-
16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
-
4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
6 Paske li p ap janm ebranle.
Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.
7 Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.
8 Kè li kanpe dyanm.
Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
-
142 Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
-
28 Nan chemen ladwati se lavi;
e nan wout li nanpwen lanmò.
-
3 Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.
-
29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
20 Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
-
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
-
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.
-
4 Mechan yo pa konsa.
Yo tankou pay ke van an pouse ale.
5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
6 Paske SENYÈ a konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.
-
12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,
Ou ki antoure li avèk gras Ou,
tankou yon boukliye.
-
15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,
ak sali Ou tout lajounen,
menmsi mwen pa kab fin konnen
fòs valè tout jou sa yo.
-
3 A la beni sila ki kenbe jistis yo beni.
Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
-
24 “Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
-
14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil? 21 Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22 Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè. 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.
-
18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
-
7 Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo;
men avèk wa ki chita sou twòn yo,
li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
-
TZADHE
137 Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
-
17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
-
16 Salè a moun dwat se lavi;
revni a mechan an se pinisyon.
-
29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;
men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
30 Moun ladwati a p ap janm souke;
men mechan yo p ap demere nan peyi a.
31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon;
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
-
17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;
epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.
Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.
Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
-
1 Konsa pale SENYÈ a:
“Konsève sa ki jis
e fè sa ki dwat,
paske sali Mwen an prèt pou rive
e ladwati Mwen va vin revele.
-
3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
13 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
-
5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. 6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. 7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.
-
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
25 “O Papa ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen.
-
34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
-
34 Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
-
1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la.
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
-
6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
-
15 O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”
-
7 Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te bay li non Abraham. 8 Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis.
-
14 Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m;
jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
-
9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki fè prèv
nan kè avèk panse moun.
-
10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,
epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
-
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
-
Yon Sòm a Salomon
1 Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye,
ak ladwati Ou a fis a wa a.
2 Li va jije pèp Ou a avèk ladwati,
e aflije Ou yo, avèk jistis.
3 Mòn yo va pote lapè a pèp la,
e kolin yo, fwi ladwati a.
4 Li va jije malere a pèp la.
Li va fè sekou pou pitit a malere yo,
e kraze opresè a an mòso.
-
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.
Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
-
2 Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.
Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
3 Se dife ki ale devan L pou brile tout
advèsè Li yo toupatou.
-
4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
-
8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
-
34 Ladwati leve yon nasyon;
men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
-
21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
-
10 Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo,
paske yo va manje fwi a zèv yo.
-
14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen, 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.
16 “Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
-
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
-
5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
-
4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
-
17 SENYÈ a te di: “Èske Mwen kab kache Abraham sa ke M prè pou M fè a, 18 paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni? 19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
-
31 Yo va vini.
Yo va deklare ladwati Li
a yon pèp ki va vin fèt.
Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.
-
10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk
verite Ou devan gran asanble a.
-
10 Jan non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
-
14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a,
O Bondye, Bondye a sali mwen an.
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa
selon ladwati a Ou menm nan.
-
3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.
Shows Read in context, Share and Copy.