42 Bible Verses About Confidence
Bib Sen An (BSA)
-
24 Lè ou kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
-
3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. 4 Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: 5 sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; 6 kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a.
-
13 Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
-
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
-
32 Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans 33 nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. 34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
-
5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.
-
8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan lòm.
9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan prens yo.
-
5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,
e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:
‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou
e Mwen pa t rejte ou.’
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.
-
13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi.
-
26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
-
7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane sechrès la,
ni sispann bay fwi.
-
1 Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm? 2 Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun. 3 Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
4 Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. 5 Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye. 6 Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
-
17 Epi zèv ladwati a va lapè,
e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans
k ap dire jis pou tout tan.
-
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
-
7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,
Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
8 Yo te pliye e yo te tonbe,
men nou te leve e nou te kanpe dwat.
-
Yon sòm David
1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te chape tonbe.
3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen konfyans.
4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
-
24 Si se nan lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen an, ‘se ou ki konfyans mwen,’
-
4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,
Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
6 Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt.
Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.
Tout tan se Ou menm ke m louwe.
7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun,
men se Ou ki fò refij mwen.
-
3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
-
9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye.
-
32 David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”
33 Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”
34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an, 35 mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li. 36 Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”
37 Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.”
Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
-
3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Kisa lòm ka fè m?
-
13 Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.
-
5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; 6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
-
14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;
-
17 “Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
28 Epi koulye a, timoun yo, rete nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
1 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?
2 Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.
3 Defans mwen a sila ki jije m yo se sa:
-
16 Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.
-
13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
-
1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
Shows Read in context, Share and Copy.