56 Bible Verses About Healing

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Healing
  1. 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.

    Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.

  2. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  3. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.

  4. 4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

  5. 1 Louwe SENYÈ a!

    Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

    Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.

    2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.

    Li ranmase egzile Israël yo.

    3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

  6. 14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt!

    Sove mwen e mwen va sove!

    Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.

  7. 23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.

    24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.

    25 Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.

  8. 26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”

  9. 17 Paske M ap fè ou reprann lasante,

    e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:

    “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

    ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”

  10. 2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.

  11. 1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.

    2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a.

  12. 25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.

    27 “Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do.

  13. 17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo

    e akoz inikite yo, yo te aflije.

    18 Nanm yo te rayi tout kalite manje

    e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.

    19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,

    e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.

    20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo,

    pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.

    21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

    ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

  14. 15 Kisa mwen kapab di?

    Non sèlman Li te pale ak mwen,

    Men Li, Li menm, te fè l.

    Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo

    akoz gou anmè kè m fin goute.

    16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv,

    e nan sa yo, lespri m jwenn lavi.

    Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!

    17 Alò, mwen te manke gen lapè;

    men Ou menm ki te kenbe nanm mwen,

    pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,

    Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.

  15. 17 Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon. 18 Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri. 19 Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.

  16. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

    5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

  17. 2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen

    chagren anpil.

    Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,

  18. 20 Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;

    panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.

    21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe yo nan fon kè ou.

    22 Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,

    ak lasante a tout kò yo.

    23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;

    paske de li, sous lavi yo koule.

    24 Mete lwen de ou yon bouch manti

    e mete tout pawòl foub byen lwen ou.

  19. 2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

    e Ou te geri mwen.

    3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

    Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

  20. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

    19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

    20 Li konsève tout zo li yo.

    Pa menm youn nan yo va kase.

    21 Se mechanste ki va touye mechan an.

    Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.

    22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.

    P ap gen nan sila ki kache nan Li yo

    k ap kondane.

  21. 35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik.

  22. 10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

    12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

  23. 34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.

    35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”.

  24. 38 Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l. 39 Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.

    40 Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. 41 Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.

  25. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.

  26. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

  27. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!

    SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.

    2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.

    Li va rele beni sou latè a.

    Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.

    3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.

    Nan maladi li, li va restore li a lasante.

  28. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  29. 6 ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans.

  30. 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo. 15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.

  31. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  32. 16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”

  33. 27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”

    Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.

    29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”

  34. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

  35. 1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”

    2 Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: 3 “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.

    4 Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil la, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di: 5 “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. 6 Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”

  36. 4 Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.

    Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”

  37. 29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

  38. 18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li;

    Mwen va mennen li e restore konsolasyon

    a li menm ak sila k ap lamante pou li.

    19 Mwen kreye fwi a lèv yo:

    “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo,

    ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:

    “Epi Mwen va geri yo.”

  39. 8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,

    e gerizon ou va vòltije vit devan ou.

    Ladwati ou va ale devan ou,

    e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.

  40. 1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.

  41. 29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.

    30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman yo te pale avèk Li konsènan li.

    31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.

    32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.

    34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.

  42. 23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”

    24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”

  43. 9 Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée. 10 Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”

    11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la. 12 Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire sòti byen anraje.

    13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: “Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’”

    14 Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.

  44. 1 Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi.

  45. 13 Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.

  46. 1 Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.

    3 Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4 Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5 Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”

    6 Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.

  47. 33 La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.

    34 Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.

  48. 31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  49. 12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.

  50. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”

    22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.

  51. 5 Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo. 6 Li te etone pa enkredilite yo.

    Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.

  52. 50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”

    51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.

    52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”

  53. 9 Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.

  54. 6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” 7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.

    8 Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.

    9 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj.

  55. 11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.

  56. 20 Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.