78 Bible Verses About Helping the Poor and Needy
Bib Sen An (BSA)
-
31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
-
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
-
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
-
12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
-
9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
9 Sila ki bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
-
9 Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
-
13 Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
-
27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
-
35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi. 38 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an pou M kapab Bondye nou.
39 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj. 40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a. 41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan tèren zansèt li yo. 42 Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.
-
21 Sila ki meprize vwazen li fè peche;
men sila ki fè gras a malere a, beni.
-
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
-
7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? 8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. 9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”
11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
-
32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
16 Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”
Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19 Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
29 “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 30 Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”
-
1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.
2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal, 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?
5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? 6 Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7 Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
9 Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè.
-
1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
-
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
12 “Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète. 13 Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid. 14 Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an. 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.
-
4 Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont;
pou nou frape ak ponyèt mechan an.
Kalite jèn nou fè la jodi a p ap fè vwa ou tande anwo a.
5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan?
Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm?
Pou bese tèt li kon wozo,
e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l?
Èske se yon jèn ke ou rele sa;
menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
6 “Se pa jèn sila a ke M pito;
pou lache lyann mechanste yo,
pou demare kòd jouk la,
pou lese oprime yo pran libète
e kase tout jouk yo?
7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,
e mennen endijan yo antre nan kay?
Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;
epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,
e gerizon ou va vòltije vit devan ou.
Ladwati ou va ale devan ou,
e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,
satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,
e bay fòs a zo ou yo.
Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze
e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
-
42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
-
35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
-
9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
-
14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
-
7 Moun ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
-
1 “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo. 2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.
3 “A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou. 4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede) 5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.
-
28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
-
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
-
21 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.
22 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. 23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li; 24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.
25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè. 26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche, 27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
-
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè jistis pou malere a.
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
22 Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni kraze aflije nan pòtay la;
23 paske, SENYÈ a va plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
-
48 Kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Sodome, sè ou a, ak fi li yo pa t fè menm jan ak ou ak fi ou yo.
49 “‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo. 50 Konsa, yo te plen ògèy e te komèt abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa.
-
16 Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 “Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
20 Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
-
20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
10 “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. 11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. 12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. 13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. 14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
-
19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo. 20 Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. 21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
-
8 Li leve malere sòti nan pousyè.
Li leve sila ki nan bezwen an
soti nan pil sann nan,
pou yo chita avèk prens yo,
e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.
Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.
Li te plase lemond sou yo.
-
10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm?
Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo?
Wi, ak aflije e malere yo k ap soti
nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
-
12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;
aflije a tou, lè l san soutyen an.
13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.
Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,
e san yo va chè nan zye Li.
15 Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm.
Moun va priye pou li san rete.
Yo va beni li tout lajounen.
-
3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
-
24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
26 Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la;
men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.
27 Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;
men sila ki chache mal la,
se mal la k ap vin jwenn li.
-
17 Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
-
1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
-
2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
10 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, 11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan doliv ou yo.
-
5 Sila ki moke malere a moke Kreyatè li;
sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
-
20 Li lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.
-
16 Li te plede koz a malere ak aflije yo,
epi sa te ale byen.
Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.
-
13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
-
15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
-
17 Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a;
menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan,
ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
-
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
-
5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
6 Ki te fè syèl la avèk tè a,
lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
-
27 Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
-
2 Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki fè yo tout.
-
4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
-
17 Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen;
lang yo sèch ak swaf la.
Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo.
Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
-
8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
-
17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,
kite SENYÈ a toujou sonje mwen.
Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.
Pa fè reta, O Bondye mwen an.
-
1 Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan. 2 Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv. 3 Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout; 4 paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
-
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
-
36 Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.
-
22 “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
-
6 Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se refij li.
-
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
-
2 Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo. 3 Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”
4 Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè: 5 Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la. 6 Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”
-
38 Nan enstriksyon Li, Li t ap di: “Fè atansyon kont skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo vètman, e ki renmen resevwa salitasyon ak respè nan mache a, 39 ak premye plas nan sinagòg yo, ak pozisyon lonè nan bankè yo, 40 ki devore kay vèv yo, e pou parèt byen, yo fè gwo priyè. Sila yo ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.”
41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
-
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
Shows Read in context, Share and Copy.