69 Bible Verses About Harvest

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Harvest
  1. 35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

  2. 34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.

    35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.

    36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’

    38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”

  3. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  4. 18 “Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.

    19 “Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo. 20 Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid. 21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.

    22 “Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a.

  5. 9 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.

  6. 13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

    “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

    14 Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.

    15 Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”

    16 Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.

    17 Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.

    18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”

    19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a. 20 Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.

  7. 22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  8. 5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

    se yon fis ki aji ak sajès;

    men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

    fè gwo wont.

  9. 3  Ou te fè pèp la grandi anpil;

    Ou ogmante kè kontan yo.

    Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.

  10. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’

  11. 36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”

    37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan. 38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an. 39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo.

  12. 2 Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.

    3 “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. 4 Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.

  13. 9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  14. 17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”

    18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

  15. 12 “Kite nasyon yo leve pwòp tèt yo

    pou vin monte nan vale Josaphat a;

    paske se la Mwen va chita pou jije

    tout nasyon ki ozalantou yo.

    13 Fè antre boutdigo rekòlt la,

    paske rekòlt la vin mi.

    Vin mache foule anba pye,

    paske pèz diven an vin plen.

    Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”

  16. 30 Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”

  17. 10 Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.

  18. 7 Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann

    pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.

    Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil

    pandan Mwen te refize li nan yon lòt.

    Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t

    resevwa lapli a te seche.

  19. 19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo. 20 Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. 21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.

  20. 4 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.” 5 Paske avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo.

  21. 26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”

  22. 5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo

    Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.

    6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.

    Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,

    akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.

  23. 1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a. 3 Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, 4 men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an. 5 Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba. 6 Konsa, nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo. 7 Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje.

  24. 1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,

    se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.

  25. 33 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:

    “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen.

    Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan,

    sezon rekòlt la rive sou li.”

  26. 22 “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

  27. 9 Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè.

  28. 11 Ou menm tou, O Juda!

    Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm,

    lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.

  29. 11 Verite vòltije sòti nan latè, e

    Ladwati veye depi anwo nan syèl la.

    12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,

    e peyi nou an va bay rekòlt li.

    13 Ladwati va mache devan L.

    L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.

  30. 13 Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt,

    se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo,

    paske li rafrechi nanm a mèt li yo.

  31. 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  32. 3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.

  33. 4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

    akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

  34. 11 Se pou nou pa konprann anyen,

    O kiltivatè yo!

    Rele anmwey,

    O nou menm k ap okipe pye rezen yo!

    Ble ak lòj la te peri nèt;

    rekòlt chan an fin detwi.

  35. 7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.

  36. 10 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, 11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan doliv ou yo.

  37. 11 Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo. 12 Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.

  38. 5 Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.

  39. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  40. 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt.

  41. 5 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.

    Kite tout pèp yo louwe Ou.

    6  Latè te bay pwodwi li.

    Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.

    7 Bondye ap toujou beni nou.

    Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

  42. 16 Koupe retire kiltivatè Babylone nan;

    ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la.

    Akoz krent nepe opresè a,

    yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo,

    e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.

  43. 9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?

    10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.

    11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?

  44. 12 “Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo. 13 Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.

  45. 1 Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.”

    Men papa li pa t kite li antre.

  46. 13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li.

  47. 17 Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”

  48. 13 Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan.

    Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen.

    Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”

  49. 11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  50. 4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;

    men se fòs a bèf la ki fè richès.

  51. 3 Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a.

    Tout moun ki te manje de li va vin koupab.

    Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”

  52. 13 Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t reyalize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.

  53. 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.

    6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.

  54. 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.

  55. 5 Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis. 6 Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a. 7 Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”

    8 Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.

  56. 14 Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.”

    Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete.

  57. 6 Ale kote foumi, o parese.

    Veye abitid li yo e vin saj!

    7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

    8 konn prepare manje li nan gran sezon an

    e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

    9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?

    Se kilè ou va leve soti nan dòmi?

    10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,

    yon ti pliye men ou yo pou repoze;

    11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,

    e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.

  58. 20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;

    l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.

  59. 13 Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo.

  60. 4 Epi flè ki kanpe sou tèt vale fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon an. Yon moun jwenn li, epi lapoula, li vale l.

  61. 10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,

    O fi ki san pridans yo;

    paske, afè fwi diven an va fini,

    ni rekòlt la p ap rive.

  62. 13 “‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a.

    P ap gen rezen sou chan rezen an,

    ni fig sou pye figye etranje a.

    Fèy yo va fennen,

    epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”

  63. 4 Sa ke ti krikèt la te kite,

    gwo krikèt la fin manje.

    Sa ke gwo krikèt la te kite,

    ti cheni an te manje.

    Sa ke ti cheni an te kite,

    gwo cheni an te manje.

  64. 23 “‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje. 24 Nan katriyèm ane a, tout fwi li yo va vin sen. Yo va vin yon ofrann lwanj bay SENYÈ a. 25 Nan senkyèm ane a, nou gen pou manje nan fwi li, pou donn li kapab vin anpil pou nou menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  65. 9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

    ak premye pati nan tout prodwi ou,

    10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,

    e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

  66. 4 Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase.

    Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.

  67. 19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an

    soti nan yon peyi byen lwen:

    “Èske SENYÈ a pa nan Sion?

    Èske wa li a pa nan li?”

    “Poukisa yo pwovoke fache Mwen ak imaj taye yo;

    ak zidòl etranje yo?”

    20 “Rekòlt la fin pase.

    Gran sezon an fini,

    e nou poko sove.”

  68. 15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte.

    Ou va kraze grenn oliv anba pye,

    men ou menm p ap onksyone ak lwil;

    kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.

  69. 6 Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke ase. Nou mete rad, men yo pa kont pou evite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”