61 Bible Verses About Peace and Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Peace and Love
  1. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  2. 6 Lou a va demere ak jèn mouton an,

    leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

    jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

    epi yon tigason va mennen yo.

    7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

    pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

    8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,

    e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

    9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

    paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

    tankou dlo kouvri lanmè a.

    10 Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.

    11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.

  3. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  4. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  5. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  6. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

  7. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  8. 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. 19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.

  9. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a

  10. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  11. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  12. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

    4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

  13. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  14. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  15. 165 Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè.

    Pa gen anyen pou ta fè yo chite.

    166 Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ.

    Mwen te fè kòmandman Ou yo.

    167 Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo.

    Mwen renmen yo anpil anpil.

    168 Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo,

    Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou.

  16. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

  17. 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a. 19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a,

  18. 9 Beni se sila yo ki fè lapè;

    yo va rele yo fis Bondye.

  19. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

    9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.

  20. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7  P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

  21. 14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.

  22. 11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.

  23. 12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

    jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?

    13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

    e lèv ou pou pa bay manti.

    14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.

    Chache lapè e fè efò pou twouve li.

  24. 1 Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè a Jacques la, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.

    2 Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab ogmante anvè nou.

    3 Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.

  25. 8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

    paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

  26. 16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!

  27. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  28. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

  29. 11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.

    SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.

  30. 33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.

  31. 50 “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”

  32. 20 Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè.

    Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.

  33. 3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.

    6 “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.

  34. 7 Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,

    l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.

  35. 10 Paske mòn yo kapab deplase,

    e kolin yo ka disparèt,

    men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

    Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”

    di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

  36. 34 Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.

  37. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  38. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  39. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.

  40. 33 Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.

  41. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

  42. 12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.

    Viv nan lapè avèk youn lòt.

    14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

  43. 23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.

    24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.

  44. 10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

    Mwen va leve wo pami nasyon yo.

    Mwen va leve wo sou tè a.”

  45. 20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;

    men konseye lapè yo gen jwa.

  46. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  47. 1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

  48. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  49. 10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.

    Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.

  50. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

  51. 13 A la beni nonm ki twouve sajès,

    e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!

    14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,

    e pwofi li pi bon ke lò fen.

    15 Li pi presye pase bijou;

    e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.

    16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.

    Nan men goch li se richès ak lonè.

    17 Chemen li yo byen dous,

    e tout pa li yo se lapè.

    18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,

    e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.

  52. 18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li;

    Mwen va mennen li e restore konsolasyon

    a li menm ak sila k ap lamante pou li.

    19 Mwen kreye fwi a lèv yo:

    “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo,

    ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:

    “Epi Mwen va geri yo.”

    20 Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.

    Li p ap ka kalme, e dlo yo

    rale fè monte fatra ak labou.

    21 “Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:

    “pou mechan yo”.

  53. 13 Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou.

  54. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.

  55. 11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  56. 20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  57. 12 Paske ou va sòti ak kè kontan

    e mennen sòti ak lapè.

    Mòn yo ak kolin yo va eklate

    nan gwo kri lajwa devan ou,

    e tout bwa nan chan yo va bat men yo.

  58. 39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.

  59. 36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”

    37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.

  60. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,

  61. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.